POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 26 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

EVÈNMAN “RE-IMAGINING THE ARTS IN WYNWOOD (R.A.W.)” AP FÈT
2 DESANM
Lekòl Mwayen Jose de Diego Pral Vin Vivan avèk Ar

Mi blan dezole “Jose de Diego Middle School (JDD)” (Lekòl Mwayen Jose de Diego) nan Wynwood ap vin vivan avèk ar atis entènasyonal ak lokal kreye, pou “R.A.W.--Re-Imagining the Arts in Wynwood” (Re-imajine Ar yo nan Wynwood), yon efò kominotè pou sipòte edikasyon ar nan JDD.  Yo pral devwale nouvo travay ar yo pandan yon resepsyon madi 2 desanm kòmanse 6è pou 9è diswa.  Lekòl la lokalize nan 3100 NW 5 Ave, Miami.

Travay ar yo se rezilta yon kowalisyon òganizasyon ki pa la pou pwofi, patnè antrepriz, biznis lokal, atis, mizisyen, ak anplwaye e administrasyon JDD, Asosyasyon Distri Ar Wynwood mete ansanm an patenarya avèk WynwoodMap.com. Objektif kowalisyon an se pou pote koulè ak enspirasyon sou mi lekòl la e lanse yon kanpay alontèm pou ranmase fon pandan semèn “Art Basel Miami Beach” la. Objektif fon $500,000 yo vize a pral sèvi pou sipòte kreyasyon yon pwogram magnet ar ak mizik ki solid e vibran nan JDD.

Konsèvatè lokal, Wynwoodmap.com, chwazi atis entènasyonal tankou D*Face (Angletè), Anthony Lister (Ostrali), Pixelpancho (Itali), ak Pastel FD (Ajantin), ansanm ak atis lokal tankou Hox, Santiago Rubino, Typoe, ak Magnus Sodamin pou fè mi JDD yo tounen “canvas” (twal penti) yo. Atis yo pral poze mak yo nan Wynwood, yo konnen kòm “kapital miral mond lan”, nan semèn anvan “Art Basel Miami Beach” la.

Pwogram 2 desanm nan pral debouche sou yon gran devwalman mi ki fèk pentire yo avèk yon resepsyon sou katye a nan Bakehouse Art Complex, 561 NW 32 St., avèk yon pèfòmans andirèk gwoup lokal favori yo, “Psychic Mirrors”.  Yo pral limen tout bilding lekòl la e ouvè li pou piblik la ka wè.

Pwojè R.A.W. la reprezante yon pwen enpòtan nan devlopman Wynwood kote yon gwo varyete òganizasyon, endividi ak konstitiyan rankontre ansanm pou pwodui yon evènman kiltirèl premye klas pandan y ap retounen bay yon kominote ak yon etablisman edikasyonèl nan katye a ki bezwen sipò.

Patnè ak Patwonè yo gen ladan Wynwood Arts District Association • Wynwoodmap.com •   Bakehouse Art Complex • Global Shapers • Product/81 Creative Lab • Miami Light Project • U-Doodle • Liquitex Paint • Kobra Paint • Spinello Gallery • Robert Fontaine Gallery • Gregg Shienbaum Fine Art • Primary Projects • SuViche Restaurant • Lombardi Properties • Miami Spaces • Total Bank • DJ Peoples.

###

14-DGD/143/JJS/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès