POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 15 desanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

YO ONORE OFISYE ANCHÈF ACHA M-DCPS KÒM “MEYÈ OFISYÈL ACHA PIBLIK GOUVÈNMAN MIAMI-DADE COUNTY POU ANE A”

KIYÈS: 

Melody Thelwell, Ofisye Anchèf Acha Lekòl Leta Miami-Dade County, manm ak ofisyèl Chanm Kòmès Minoritè, e plis pase twa san nan lidè nasyonal kominotè nan domèn biznis ak afè piblik.

KISA:

14yèm Anyèl Gala Bankè Prim ki onore gayan “Meyè Ofisyèl Acha Piblik Gouvènman Miami-Dade County pou Ane a.”

KILÈ: 

Jedi 18 desanm 2014
6:30 pou 11è nan answè

KI KOTE: 

Doubletree Miami Airport
711 N.W. 72nd Avenue
Miami, FL 33126

POUKISA:

Chanm Kòmès Minoritè a chwazi Melody Thelwell kòm Meyè Ofisyèl Acha Piblik Gouvènman Miami-Dade County. Apwoksimativman 300 lidè kominotè prale nan evènman enpòtan sa a. Yo ap rekonèt Madan Thelwell pou direksyon ak angajman ekselan li pou sèvis piblik nan asiste pwopriyetè biznis minoritè avèk pwofesyonalis, respè, e volonte maksimòm pou ede yo etabli bonjan rapò biznis  avèk distri lekòl la.


# # #

14-DGD/145/TC/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès