POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 9 desanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL FÈ EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON NAN
LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, lidè kominotè, administratè Distri ak lekòl, pwofesè, elèv, ak paran
KISA:
Lansman Evènman Seremoni Bon Obligasyon Jeneral
KILÈ: 

Jedi 11 desanm 2014
9è dimaten

KI KOTE: 

Hialeah Senior High School
251 East 47th Street
Hialeah, Florida 33013

POUKISA:

Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)”(Lekòl Leta Miami-Dade County) ap fè evènman espesyal atravè distri lekòl la pou lanse pwojè bon lekòl ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya dola a. Yo ap sèvi avèk bon an pou modènize e konstrui bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknoloji nan tout lekòl.  Modènizasyon ak nouvo bilding pou andwa lekòl yo deja nan pwosesis planifikasyon, an preparasyon pou konstriksyon.  Yo enstale nouvo enfrastrikti sanfil, ki prepare chemen pou lekòl yo antre nan epòk dijital la.

Yo komisyone Wolfberg Alvarez & Partners, Inc. pou pwojè Lekòl Segondè Hialeah Senior, yo valorize a $15 milyon. Posibilite travay yo gen ladan, men ki pa limite a, renovasyon kanpous la; pentire eksteryè a; amelyorasyon sistèm sekirite alam/siveyans; ranplasman atè a; ranplasman klimatizè ak reparasyon/ranplasman chofaj la; reparasyon/ranplasman elektrik ak ekleraj; pwoteksyon sou mi eksteryè yo, ak reparasyon/ranplasman pòt ak fenèt enteryè e eksteryè yo.




# # #

14-DGD/146/TTR/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès