POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 4 desanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIPÈENTANDAN AN PRAL PATISIPE NAN SELEKSYON TAPI WOUJ
GO COLLEGE! KI NAN DOKIMANTÈ FIRST GENERATION AN

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, ofisyèl nan Vil Miami ak Kolèj Miami Dade, edikatè, ak moun ki fè fim  

                       
KISA:
Seleksyon Tapi-wouj “Go College!” (Ale nan Kolèj)! Ki nan dokimantè “First   Generation” (Premye Jenerasyon) an
KILÈ: 
Madi 9 desanm 2014
6:00 diswa
KI KOTE: 
O Cinema Miami Shores @ MTC
9806 N.E. 2 Avenue
Miami Shores, FL 33138     
POUKISA:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap envite espesyal nan Seleksyon Tapi-wouj Go College! ki nan dokimantè First Generation an e li pral pale sou fason li adrese kesyon aksè nan kolèj nan Miami-Dade.  Konseye sou Règ Edikasyon nan Vil Miami Domingo Echevarria pral pale tou sou enpòtans pou ogmante to enskripsyon nan kolèj nan Florid e nan peyi a.  Ap genyen tou yon dyalòg ouvè avèk Asosye Dwayen Kolèj Miami Dade pou Akonplisman Etidyan Joaquin Martinez, moun ki fè fim, aktè, ak reprezantan Sèvis Edikasyon Finansye nan Wells Fargo ki ap diskite sou etap yo ka pran pou fè kolèj vin yon reyalite pou etidyan ki gen mwayen ekonomik ki ba. 

First Generation, Blair Underwood ki te resevwa nominasyon “Golden Globe” ap rakonte, se istwa kat elèv lekòl segondè – yon atlèt nan yon katye pòv, yon sèvez nan yon ti vil, yon sitwayen Samoa ki danse dans gèrye, e pitit fi de (2) imigran ki travay jaden – ki pati pou yo ka kraze sistèm povrete a e pote lespwa pou fanmi ak kominote yo nan pousuiv yon edikasyon kolèj.  

Pou plis enfòmasyon, ale nan: http://firstgenerationfilm.com/gocollegedates




# # #

14-JJS/147/TTR/CM  

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès