POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 4 desanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP OFRI VAPORIZATÈ GRIP GRATIS BAY ELÈV YO,
NAN INISYATIV “APRANN GRIP YON LESON”

KIYÈS: 

Miami-Dade Public County Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) an patenarya avèk “Healthy Schools LLC and the Department of Health in Miami-Dade” (Lekòl ki Pwomote Sante LLC ak Depatman Sante Miami-Dade), elèv, ak enfimyè

KISA:
Inisyativ Aprann Grip yon Leson: Enfimyè Lekòl ki Pwomote Sante pral bay elèv vaksen oubyen vaporizatè pou grip gratis avèk konsantman paran yo nan tout lekòl ki ap patisipe yo.
KILÈ: 

Lendi 8 desanm jiska lendi 15 desanm
7:20 dimaten – 3:30 nan aprèmidi, selon orè lekòl la

KI KOTE: 
Lekòl ki ap patisipe yo (wè lis 169 lokasyon ki atache a)     
POUKISA:

Chak ane, kèk milye timoun rate jou lekòl enpòtan akoz viris ‘‘influenza’’ (grip) la.  Yo pwouve li efikas pou ofri vaksen nan anviwònman lekòl la pou prevni maladi e diminye absans.  M-DCPS fè patenarya ak Lekòl ki Pwomote Sante LLC ak Depatman Sante Miami-Dade pou asire tout resous ki nesesè yo disponib pou bay vaporizatè grip la gratis.

Si w enterese pou pousuiv istwa sa a, silvouplè kontakte Biwo Relasyon Piblik pou kowòdone vizyèl ak opòtinite pou entèvyou.

# # #

   14-DGD/148/DL/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès