POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 5 desanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS SOU LIS ONÈ KOMISYON KOLÈJ 5YÈM ANYÈL “AP” (PLASMAN AVANSE) DISTRI A POU PWOGRÈ SIYIFIKATIF NAN AKSÈ, SIKSÈ ELÈV

Yo rekonèt Distri a pou senkyèm ane swivi

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se youn nan 547 distri lekòl nan Etazini ak Kanada “College Board” (Komisyon Kolèj) ap onore avèk plasman sou 5yèm Anyèl Lis Onè AP Distria pou ogmantasyon aksè nan travay kou “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse), pandan li anmenmtan ap kenbe oubyen ogmante pousantaj elèv ki resevwa nòt 3 oubyen pi wo nan Egzamen AP.

Atenn bi sa yo endike Distri a ap idantifye avèk siksè elèv ki motive, prepare akademikman e ki pare pou opòtinite AP bay la. Depi 2010, M-DCPS ogmante kantite elèv ki patisipe nan AP pandan yo ap amelyore kantite elèv ki resevwa nòt 3 oubyen pi wo nan Egzamen AP.

Sipèentandan Lekòl yo Msye. Alberto M. Carvalho di, “Travay kolektif yon si gran kantite edikatè esansyèl nan kreye e kontinye ranfòse estrikti ki sipòte aksè ak siksè elèv nan kou nivo kolèj pandan yo toujou nan lekòl segondè”.

Pandan peryòd 2010 a 2014, Lekòl Leta Miami-Dade County:

  • Ogmante patisipasyon elèv nan AP a yon mwayèn senk pousan anyèlman;
  • Ogmante kantite kou AP yo ofri a 29 pousan de 870 a 1,125;
  • Ogmante pousantaj elèv AP ki resevwa yon nòt 3 oubyen pi wo, avèk 46 pousan elèv AP ki resevwa nòt 3 oubyen pi wo an 2014; e
  • Ogmante pousantaj elèv AP minoritè ki pa jwenn sèvis tradisyonèlman patisipe e resevwa 3 oubyen pi wo nan omwen youn nan Egzamen AP yo.

An 2014, plis pase 3,800 kolèj ak inivèsite atravè mond lan te resevwa nòt AP pou kredi kolèj, plasman avanse, e/oubyen konsiderasyon nan pwosesis admisyon an, avèk plizyè kolèj ak inivèsite nan Etazini ki ap ofri kredi nan youn oubyen plis sijè ki kalifye pou nòt AP.

Lekòl Leta Miami-Dade County angaje l nan elaji disponibilite kou AP pami elèv ki prepare e motive ki soti nan tout nivo sosyete a. Lis Onè AP Distri a valorize konsantrasyon Miami Dade sou aksè nan pwogram akademik avanse ak kou AP
Pwogram AP Komisyon Kolèj la pèmèt elèv pousuiv etid yo nan nivo kolèj — avèk opòtinite pou yo resevwa kredi kolèj, plasman avanse oubyen toude — pandan yo toujou nan lekòl segondè.

 

###

14-DGD/149/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès