POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 5 desanm 2014  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

M-DCPS RESEVWA DON NAN MEN VERIZON POU EDE ELÈV
APRANN NOUVO FASON POU SÈVI AK “S.T.E.M.”

Elèv Lekòl Segondè Miami Jackson pral aprann nouvo fason pou sèvi ak kourikoulòm “S.T.E.M. science, technology, engineering, math” (syans, teknoloji, jeni, matematik) nan pwodiksyon agrikilti ak manje avèk èd yon don $20,000 ki soti nan Verizon.  Jackson se youn nan 80 lekòl nan peyi a ki genyen yon pati nan finansman $1.6 milyon don ki sòti nan pwogram don “Verizon Innovate Learning” (Aprantisaj Inovatif Verizon) ki vize lekòl ki pa jwenn ase resous nan S.T.E.M.  

Moun ki prezan pou resevwa chèk yo degoch adwat se: Asistan Direktris Ana Barreto, Asosye Sipèentandan, Biwo Transfòmasyon Edikasyon Dtè. Pablo G. Ortiz, Reprezantan Eta Florid Cynthia Stafford (Distri 109), Manm Komisyon Konsèy pou Distri 2 Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, pwofesè Agostinho Ferreira, Reprezantan Verizon Beth Bailey, Direktè Carlos Rios Jr., Direktè Egzekitif Fon Edikasyon Linda Lecht.

 

###

14-DGD/150/GC/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès