POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 8 desanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMITE OLENPIK/PARALENPIK ETAZINI AP FÈ PATENARYA AVÈK M-DCPS POU KREYE PWOGRAM “TRACK AND FIELD” POU ELÈV KI GEN ANDIKAP

Pwogram Olenpik Etazini, yon divizyon Komite Olenpik, ap fè patenarya avèk Lekòl Leta Miami-Dade County pou enplemante yon pwogram espò Paralenpik ki baze nan lekòl. Pwogram sa vin posib atravè yon don Fondasyon Craig H. Neilsen, ki pral ouvri yon chemen pou elèv ki gen andikap patisipe nan kou atletik andeyò kourikoulòm nan, espesyalman kou “track and field” nan prentan 2015 la. Fòmasyon antrenè pou kou atletik, direktè atletik, ak pwofesè ap fèt madi 9 desanm 2014, nan Lekòl Segondè Miami Jackson de 8è dimaten a 2è nan aprèmidi.
 
Ekip Paralenpik Etazini k ap vin nan Lekòl Leta Miami-Dade County a gen ladan
Chris Snyder, direktè Edikasyon Antrenè; Paul Ackerman, asosye direktè, Patenarya Nasyonal Paralenpik ak Pwogram; Dan Schweider, manadjè, Patenarya Nasyonal Paralenpik ak Pwogram Kominotè; Teresa Skinner ak Erica Wheeler, antrenè ekip nasyonal Paralenpik; ak Paralenpyen Ozetazini John Register, April Holmes, ak Carlos León.
 
Se pral premye fwa yo ap enplemante pwogram sa nan Lekòl Leta Miami-Dade e li pral sèvi kòm yon modèl pou lòt distri lekòl atravè eta a e Etazini. Dtè. Jayne Greenberg, Direktris Distri, Edikasyon Fizik ak Konesans Debaz sou Sante di, “Pote yon opòtinite konsa nan Lekòl Leta Miami-Dade County pral bay elèv ki gen andikap anpil opòtinite. Pi enpòtan toujou, li prezante elèv ki gen andikap opòtinite pou patisipe nan pwogram atletik lekòl kòtakòt ak kamarad yo.”

 

###

14-DGD/151/TC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès