POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 8 desanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

FANFA “THOROUGHBRED” LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH FÈ ISTWA NAN
RANPÒTE 2YÈM CHANPYONA ETA A

Inifòm fanfa yo a la pi lontan pase kantite ane yo genyen ale lekòl. Yo egzèse sou enstriman ize yo, pafwa pou jiska senkèdtan aprè lekòl. Men talan ak motivasyon yo te jwenn rezilta pou elèv Lekòl Segondè Hialeah sa yo lè yo te ranpòte premye plas nan Klas 1A 2014 Chanpyona Fanfa Florid Eta a semèn dènyè!

Fanfa “Thoroughbreds” Lekòl Segondè Hialeah yo te fè istwa tou nan sèl lekòl Miami-Dade ki ranpòte de (2) chanpyona eta.

Fanfa “T-Bred” sa a – tout 36 nan yo ki gen ladan “color guard” (pòtè drapo) a – pi piti pase yon fanfa tipik, men pasyon yo ak tèt ansanm yo te pèmèt yo ranpòte dezyèm plas nan semi final yo aprè yo te konbat ak 30 lòt lekòl; ki fè yo resevwa youn nan senk plas nan final yo.

Yo rele pèfòmans chanpyona-gayan yo a, “Call of the Wild,” e li gen ladan senk mouvman: Kòmansman An, Forè A, Dans Moun Tribi yo, Chan Dlo a, e Kolè Tanpèt la.  Ou ka wè yon videyo tout pèfòmans la ki te fèt nan “Tropicana Dome” nan Tampa, sou “YouTube” nan:
www.youtube.com/watch?v=9Lo-uZEbsfE&feature=youtu.be

Direktè fanfa a Omar Perez aplodi kouraj, fòs ak angajman yo pou pèfòmans enspiran ak viktwa yo.  Nan blòg “HHS Thoroughbred Band”, li di elèv li yo “pou yo toujou pouse tèt yo pou yo vin pi bon pase jan yo te ye jou anvan an.”

###

14-DGD/152/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès