POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 11 desanm 2014   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

* * * DIFIZYON FOTO * * *

LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH LANSE PWOJÈ BON OBLIGASYON JENERAL LA  

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, Direktè Lekòl Segondè Hialeah Heriberto Sanchez ak plizyè reprezantan Distri te rasanble nan Lekòl Segondè Hialeah maten an pou lanse pwojè konstriksyon Bon Obligasyon Jeneral li a.

Renovasyon y ap planifye nan Lekòl Segondè Hialeah, yo prevwa ki ka fini an janvye 2016, gen ladan gwo renovasyon nan bilding nan, amelyorasyon nan ekleraj, plonbri, planche, jimnazyòn, sistèm sekirite ak pwoteksyon, pami lòt. Lekòl la ap resevwa tou yon nouvo sistèm jesyon enèji, nouvo pasrèl ki kouvri pou depoze elèv ak teknoloji pou salklas. 
  
Pwogram GOB a ofri yon montan total apwoksimativman $15 milyon pou pwojè a, e Komisyon Konsey Lekòl la komisyone konpayi achitekti Wolfberg Alvarez & Partners kòm achitèk ki nan dosye li.  Wolfberg Alvarez & Partners gen sètifikasyon Distri a kòm yon konpayi minorite posede e li pran angajman pou l itilize 25 pousan ti biznis ak biznis ki piti anpil.   

Lekòl Segondè Hialeah te ouvè pòt li nan kòmansman ane 1950 yo, e atravè ane yo, gen renovasyon ki te fèt e yo te ajoute nouvo espas, ki gen ladan yon oditoryòm e pi resamman yon plan pou pakin avèk kolaborasyon Minisipalite Hialeah.

 

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabarez Hantman (mitan) antoure avèk Sipèentandan Lekòl yo   Alberto M. Carvalho sou bò dwat, ak Ofisye Anchèf Enstalasyon Jaime G. Torrens ak Direktè Lekòl Segondè Hialeah Heriberto Sanchez respektivman nan ekstrèm goch.  

 

###

14-DGD/154/HD/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès