POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 11 desanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

DTÈ. DRIBBLE’ PRAL FÈ YON KLINIK BASKETBÒL NAN LEKÒL
ELEMANTÈ SEMINOLE

KIYÈS: 

Darren Weissman, alyas “Doktè Dribble”, ak elèv

KISA:
Klinik Basketbòl
KILÈ: 
Vandredi 12 desanm 2014
1è nan aprèmidi
KI KOTE: 
Seminole Elementary School
121 S.W. 78th Place
Miami, FL 33144    
POUKISA:

Malgre yo konnen “Doktè Dribble” kòm yon moun ki fè kous maraton pandan li ap fè drib avèk de (2) balon basketbòl, li se yon espesyalis ladrès basketbòl e antrenè prive depi ane 2000.  Mwa pase, pandan pwogram Direktè Distri JODI A, Weissman te sèvi kòm direktè Seminole pou yon jou.  Li te tèlman renmen eksperyans la li retounen nan lekòl la pou l travay avèk elèv yo sou ladrès basketbòl yo.   

Doktè Dribble travay avèk kliyan tout laj, ki gen ladan jwè NBA.  Kòm yon atlèt enspirasyonèl, Weissman ap vwayaje kounye a nan plizyè vil pou konplete semi maraton ak maraton konplè pandan l ap kolekte lajan pou ede timoun, ki oubyen defavorize oubyen ki ap simonte eksperyans ki twomatize yo. 

Pou plis enfòmasyon, kontakte direktris Seminole la Dtè. Lourdes Lopez, nan 305-261-7071.    


# # #

14-DGD/155/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès