POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 16 desanm 2014 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOWÒDINATRIS PWOGRAM REFIJYE M-DCPS LA SE ORATRIS ESPESYAL NAN GRADYASYON PWOGRAM CHEMEN SIKSÈ

Maria Miranda, kowòdinatris pou pwogram “Skills Academic, Vocational and English Studies (S.A.V.E.S.)” (Etid sou Ladrès Akademik, Vokasyonèl ak lang Anglè), te oratris espesyal nan gradyasyon ki te fèt resamman pou elèv “SUCCESS PATHWAYS” (CHEMEN SIKSÈ).

S.A.V.E.S. se yon pwogram refijye/azil/imigran inovatif ki satisfè bezwen enstriksyonèl ak anplwa pou adilt refijye/azil/imigran.       
 

Yo fè Pwogram SUCCESS PATHWAYS pou ede elèv ki gradye nan lekòl segondè ki andanje yo.  Evènman an te fèt nan “The English Center”, ki se yon pati nan divizyon edikasyon adilt M-DCPS. Travay divizyon sa a se devlope potansyèl vokasyonèl, sosyal, teknolojik, fizik, e emosyonèl elèv yo nan yon anwiwònman ki sen, ankourajan, kote elèv ka travay ak pwòp vitès yo.  Li egziste depi nan kòmansman ane 1960 yo.  

 

###

14-DGD/157/GC/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès