POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 16 desanm 2014   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN YON GRADYE LEKÒL SEGONDÈ MIAMI PALMETTO KÒM NOUVO MINIS SANTE PIBLIK ETAZINI

Yo konfime Dtè. Vivek Murthy, yon gradye Lekòl Segondè Miami Palmetto, kòm pwochen Minis Sante Piblik Etazini, defansè sante piblik anchèf peyi a. Pwofesè Harvard la te “Valedictorian” Klas 1994 Miami Palmetto e yon “Silver Knight” nan Bousdetid Jeneral nan menm ane a. Dtè. Murthy pral konbat pou fè moun sispann fimen, fè prevansyon maladi trè grav e pran inisyativ pou pwomouvwa estildevi e rejim ki favorize lasante ansanm ak konbat obezite.

Dtè. Murthy gen yon diplòm bachelye nan Inivèsite Harvard. Anplis, li gen diplòm biznis ak medsin nan Inivèsite Yale. Li se fondatè de (2) òganizasyon sante kominotè global. Li gen yon gwo repitasyon kòm yon defansè sante e yo atann pou li konsantre atansyon li sou viris Ebola a.

Elèv Lekòl Segondè Miami Palmetto demontre nivo akonplisman ki wo e yon rekò notab nan sèvis kominotè. Atravè pwogram e kourikoulòm rijid, elèv yo devlope kalite pou dirije. Nan Miami Palmetto, yo prepare elèv yo pou yo aji kòm jèn adilt ki responsab e ki pral navige avèk siksè nan tout aspè yon mache global ki konekte youn ak lòt ki toujou ap chanje. 

 

###

14-DGD/159/DF/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès