POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 18 desanm 2014                                                                     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“MIAMI-DADE COUNTY PUBLIC SCHOOLS (M-DCPS)” (LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY) DEPASE ETA A NAN NÒT PÈFÒMANS LEKÒL, TO GRADYASYON

Lekòl segondè Lekòl Leta Miami-Dade County yon fwa ankò depase eta a nan nòt pèfòmans lekòl, malgre ogmantasyon mezi responsablite.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Malgre eta chanjman ki kontinye nan plan responsablite eta a, ki anpeche mezi amelyorasyon vizyèl, objektif, lekòl segondè nou yo kontinye demontre pèfòmans konsistan, solid, jan yo note nan nòt jodi a.”
 
Lekòl segondè nan Miami-Dade fè pi bon Nòt Pèfòmans Lekòl nan yon pi wo nivo pase mwayèn eta a, malgre chanjman nan echèl nòt la e entegrasyon nouvo eleman nan fòmil nòt la.

    • 43% lekòl segondè M-DCPS resevwa yon “A”, konpare ak 36% atravè eta a.
    • 74% lekòl segondè M-DCPS resevwa yon “A” oubyen “B”, konpare ak 71% atravè eta a.
    • 97% lekòl segondè M-DCPS resevwa Nòt Pèfòmans Lekòl “C” oubyen plis, konpare ak 95% atravè eta a.

Pou katriyèm ane lekòl konsekitif, M-DCPS pa gen lekòl nan nivo “F” pami lekòl segondè tradisyonèl li yo.
 
Miami-Dade bat gradyasyon mwayèn eta a tou, avèk 76.6 pousan elèv k ap gradye, anwo mwayèn 76.1 pousan eta a.  Si yo konsidere lekòl segondè tradisyonèl yo poukont yo, san entegrasyon lekòl “charter”, to gradyasyon Miami-Dade la rive a 80.2 pousan. To gradyasyon Miami-Dade yo depase tou pa konte Broward, Duval, Hillsborough, ak Orange.
 
Akonplisman notab sa yo se rezilta travay di pwofesè, administratè, anplwaye lekòl, ak volontè Distri a kontinye ap fè.

 

 

###

14-DGD/161/JJS/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès