POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 22 desanm 2014 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV M-DCPS KI AP APRANN ANGLÈ RANPÒTE GRAN VIKTWA

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak 77,000  "English Language Learners (ELL)" (Elèv ki ap Aprann Anglè)  nan Distri a ranpòte yon gran viktwa ki gen anpil siyifikasyon dèske gouvènman Federal la retounen sou desizyon li pou pèmèt plis fleksiblite nan fason Eta a pral teste elèv ki toujou ap aprann Anglè. Jodi a Depatman Edikasyon Etazini apwouve amandman Florid la pou dispans ki egzante "Elementary and Secondary Education Act (ESEA)" (Akòl Edikasyon Elemantè ak Segondè) ki soti kritè pèfòmans pou imigran ki rantre isit resamman ki nan peyi a pou mwenske de ane.

Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl yo di, "Aprè dezan nou ap fè gwo demach, anons jodi a rekalibre règ federal la ki pote rezon, respè, e ekite pou gwoup elèv ki pi frajil nenpòt kote nan Amerik, Elèv ki ap Aprann Anglè... Vwa edikatè ansanm ak paran yo rekonèt e apresye sipò Sekretè Duncan ak Gouvènè Scott ak Komisyonè Stewart pou bon règ piblik sa a."

Jodi a Sipèentandan Carvalho te gen yon opòtinite pou diskite règ enpòtan sa a e remèsye toude Sekretè Duncan ak Gouvènè Scott.

Florid se youn nan premye eta ki enplemante mezi reponsablite fèm pou lekòl li yo. Men lè  “No Child Left Behind Act” (Akò Okenn Timoun Pap Ret Dèyè) te parèt an 2001, sa vledi Florid te gen de sistèm: youn ki se eta e youn se federal. Ann oktòb 2011 Sekretè Edikasyon Etazini te envite eta yo pou mande fleksiblite nan dispans ki fè yo ka vin anba yon sistèm responsablite. An fevriye 2012 yo te bay dispans sa a. Depatman Edikasyon ajoute kritè ki te bezwen revizyon, mande aksyon Komisyon Edikasyon Eta a etou lejislasyon an.

Pou yo te ka renouvle demand fleksiblite ESEA Florid la pou 2014-15 Depatman Edikasyon Florid te remèt aplikasyon fleksiblite ajou 4 jen 2014. Ann out, gouvènman Federal la te refize demand dispans la.  Nan menm mwa sa a, Sipèentandan an te met ansanm ak Gouvènè a ak Komisyonè a pou mande Depatman Edikasyon Etazini retounen sou desizyon sa a.   

Apre demand sa a Sipèentandan an te ekri yon nòt pou bay pozisyon li, kote li pwopoze senk chanjman nan sistèm responsablite Eta a.  Premye a se te rekonsidere règ enpafè sa a ki te rann elèv ELL yo responsab avan menm yo konprann règ lang Anglè.  E mwa pase, li te vwayaje ale Washington D.C. pou negosye règ ELL la avèk Sekretè Duncan.

Chèman Komisyon Konsèy Lekòl Madan Perla Tabares Hantman di, "Mwen trèkontan desizyon Departman Edikasyon Etazini dèske yo satisfè demand nou pou yon metòd pi rezonab nan mete pèfòmans elèv ki ap aprann Anglè nan sistèm responsablite a... Sa a se yon etap enpòtan e nan bon direksyon e youn Komisyon Konsèy Lekòl ak Sipèetandan te ap mande."

 

###

14-DGD/164/DGD/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès