Mèkredi 3 septanm 2014

REFLEKSYON SOU ETA RESPONSABLITE AK EVALYASYON
SISTÈM EDIKASYONÈL FLORID

Tradiksyon Kreyòl Tèks Alberto M. Carvalho ekri  

Tout moun rekonèt sèjousi lè se kesyon responsabilite edikasyonèl, e pi espesifikman, evalyasyon, opinyon piblik enfliyanse ak yon kantite faktè e antite ki, nan kèk ka, merite konsiderasyon, konpreyansyon, ak akseptasyon, e, nan kèk lòt, se rejè kareman.  Premyèman, nou dwe rekonèt evalyasyon, kòm yon zouti lejitim pou responsabilite, ki egziste sèlman pou enfòme e amelyore pwosesis ansèyman ak aprantisaj la.  Sèvis li ki ale pi lwen pase pifò bi lejitim fè l tonbe anba rezilta yo mal entèprete, konklizyon enkòrèk, anòmali nan sistèm nan menm, ak pwoblèm potansyèl pou elèv, pwofesè, lekòl, ak kominote yo.  Konsekans potansyèl ki pa entansyonèl sa yo parèt egzajere pi lwen lè sistèm responsabilite a limenm pa gen ladan faktè ki enwitivman e syantifikman enfliyanse pèfòmans elèv ak pwofesè.

Kounye a Florid se youn nan plizyè eta ki ap fè fas a deba refòm edikasyonèl, kote kèk moun wè kòmkwa règ ak ideyoloji yo ale twò lwen nan enfliyanse panse ekspè yo pwononse pase nan sans komen e rezilta revizyon-kamarad ki baze sou rechèch.  Tankou yon pandil ki balanse twò lwen, rebondisman ki soti nan pouse entansyonèl sa a kounye a fè santi li avèk yon vigè e repèkisyon egal.  Nan kesyon sa a se pa anyen mwens pase validite, relyabilite, e menm fyabilite sistèm responsabilite eta a.

Litani chanjman nan jis kèk ane avèk enplemantasyon san responsablite e mal enfòme, ki san konsiderasyon pou efè li ka fè, konpile ak plizyè kalite modifikasyon similtane, kite piblik la anbouye sou vrè pèfòmans elèv yo.  Pandansetan, edikatè nan tout nivo gen enkyetid, dout, e ensètitid sou toude règ yo ak devlopman orè yo.  Dekoneksyon resan ant rapò pèfòmans lekòl ki ap desann yo, ansanm ak rezilta sou amelyorasyon elèv, sèlman vin ajoute sou konfizyon ak chagren an; patikilyèman kòm li se rezilta yon vizyon twò senp akonplisman elèv pami enplemantasyon nouvo estanda yo, echèl e nòt minimòm, ak egzamen fen kou yo, tout swa yo entwodui yo oubyen modifye yo eksprè avèk konsekans yo te deja prevwa.

Gen kèk, nan pozisyon defansif nou ap atann, pral di sa se yon evolisyon nesesè pou yo ka akonpli konpetisyon edikasyonèl ak ekonomik.  Kèk lòt ki pral menm sijere se moun ki gen enterè espesyal oubyen krent pou chanjman ki ap pouse reta a.  Pou sa, mwen soumèt sa n ap kesyone a pa bezwen pou pi bon ak plis evalyasyon estanda konplèks oubyen ki pi byen kadre avèk bezwen e demand nouvo reyalite ekonomik la.  Deba a se pa refòm, men se fòm ak mwayen refòm sa a, e menm ajan ki dèyè li yo. Si te janm gen yon ka nan pwovèb "finisman ap jistifye mwayen yo," oubyen pi bon toujou, "pa tout mwayen nesesè," yo ka jwenn li nan yon obsèvasyon onèt règ edikasyonèl, enplemantasyon estanda, ak desizyon evalyasyon yo te fè nan Florid nan ane ki sot pase yo.  Senpleman di, "Kisa" a depase "Kijan" an avèk konsekans dramatik e malerezman, konsekans yo te ka evite.

Donk, nan lavèy chanjman ki pi dramatik depi nan kòmansman FCAT la oubyen tranzisyon pou FCAT 2.0 antèm estanda ak evalyasyon, nou ta dwe poze.  Nou dwe pran tan pou re-evalye onètman desizyon pase e resan ak konsekans yo e gen kouraj pou kontinye sou chemen ki santre sou elèv ak pwofesè.  Yon chemen ki ka e ki dwe toude e ki pa yon pwopozisyon youn oubyen lòt, kontrèman ak sa otorite ki pou-anboche pwofesè yo di.  Yon chemen ki mete deyò politik, enfliyans, inyorans ak ekstremis.

Ebyen kijan nou va kontinye? Abandone responsablite ak evalyasyon yon fwa pou tout? Bon, pou kòmanse, ou pa kapab jere sa ou pa kapab mezire.  San yon konpreyansyon reyalite kriyèl eka akonplisman yo, ki souvan anrasinen nan kondisyon ki te deja egziste yo konnen kòm eka opòtinite, nou pa ka devlope solisyon estratejik e distenk pou atenn e anseye tout timoun.  Responsabilite respektye se yon veritab zouti pou done ki pèmèt e ranfòse entèvansyon apwopriye.  Senpleman depann sou yon "enpresyon" akonplisman pa ase jan istwa aprann nou.  Nou pa ka tounen nan epòk lè pèfòmans majorite, kwake souvan medyòk, kache plizyè gwoup elèv pèfòmans ba yo menm nan lekòl ak kominote ki t ap pèfòme wo yo.  Nan edikasyon, volim yon majorite ki ap pèfòme pa ka nwaye pledwari timoun ki an difikilte a, kote povrete, andikap, konpetans lengwistik, oubyen dekoneksyon sosyal li kreye defisi yo konnen nan preparasyon pou antre lekòl.  Nou pa ka tounen nan epòk kote aksepte tou bagay pou ret ansanm, nan elimine reyalite enkonfòtab nan deba kounye a, nan senpleman deside pou pa egzamine si timoun - TOUT timoun - ap aprann, e nan ki nivo, daprè rezilta efò nou yo.  Èske noumenm kòm paran, pa peze e mezire timoun nou yo jan nou ap kontwole ak fyète ak amou devlopman fizik yo?  Egalman, nou gen yon responsablite moral pou respektyèzman e rezonabman fè menm bagay nan pèspektif edikasyonèl pou asire devlopman entelektyèl yo.

Yon fwa ankò, pwoblèm nan la a se pa yon pwoblèm responsablite ak evalyasyon "tout oubyen anyen." Li se yon pwoblèm nan kijan, pa ki moun, konbyen fwa, a ki pri, e pi enpòtan toujou, pou rive ki kote?  Nou dwe rekonèt nou pa pral evalye fason pou nou rive jwenn ekselans, men pa evalye totalman se garanti nou pap janm rive la.  Mwen chwazi pou m suiv deba kontinyèl ki antoure pwoblèm sa a kòm, ak yon gran, e montre plis konsyantizasyon ak angajman ki fè sans. Nou pa ka, sepandan, kite vwa ki dekonekte e souvan mal enfòme oubyen wva ki enfliyanse ak divizyon politik detounen bon sans yon majorite.  Ni tou nou pa ka atann yon lòt moun olyede moun ki sousye e ki konprann vrè valè demokratik edikasyon piblik pral kanpe e ofri lejitimman reparasyon ki bezwen fèt yo.  Petèt premye bagay nou bezwen fè se rekonèt vrè regresyon nou rezone pap fasil oubyen rapid.  Pou devlope yon modèl responsabilite veritab e respektab ki ap sèvi timoun ak pwofesè nou yo byen, nou dwe devwe plis tan pase sa nou te genyen anvan aplikasyon demand sistèm responsablite pou ane lekòl sa a.  Yon plan aksyon pridan depann sou suiv yon kantite etap ak sekans ki rezonab.

Premyèman, nou dwe re-evalye efè règ edikasyonèl federal enfleksib e defektye fè sou eta yo ak peyi nou an. Règ ki mande, pami anpil lòt demand, aplikasyon egal sou konsekans flagran sou popilasyon elèv frajil yo soti nan elèv ki ap aprann lang Anglè, yo evalye byen anvan yo ka dekode lang Anglè a, rive sou timoun ki gen andikap kèlkeswa severite andikap la limenm.  Pou rezon sa a, nou sipòte efò Gouvènè a ak Komisyonè a pou refè egzansyon ESEA a nan pèmèt plis fleksibilite konsènan elèv sa yo.  Nou dwe fè deba analiz pri/benefis egzansyon Okenn Timoun Pap Ret Dèyè yo te selebre e denigre, kote anpil moun wè li kòm echanj règ federal ki pa rezonab pou règleman abitrè eta a.

Dezyèmman, yo dwe ajiste delè legal pou enplemantasyon responsabilite a, se pa nan aliyman avèk demand evalyasyon abitrè, men nan nivo preparasyon/konesans estanda yo avèk edikatè, paran, ak kominote yo.  Nan limyè sa a nou denonse kòm yon anpresman pou soti nouvo evalyasyon yo pou konfòme ak demand delè obligatwa legal responsabilite yo, yo ta dwe akòde yon ane anplis pou enplemantasyon estanda yo.  Sa ap pèmèt ase konsyantizasyon kominotè ak konpreyansyon menmjan ak devlopman pwofesyonèl ideyal pou pwofesè ak lidè atravè tout eta.

Twazyèmman, eta a dwe asire pandan li ap devlope yon nouvo evalyasyon, antite prive yo bay kontra pou devlope li gen eksperyans nan evalyasyon edikasyonèl pou yo fè sa.  Eta a tou dwe mande pou yo pèfòme tout demand validite ak fyabilite estatistik, ki gen ladan nan domèn kesyon echantiyon egzamen e tout egzamen an, dwe fèt nan Florid ak elèv Florid sèlman – pa nan eta ki pa reprezante demografikman ak yon popilasyon omojèn ki diferan ak pa nou an.  Yo ap teste egzamen kounye a nan Utah pa pase pwovèb odè sensibilite egzamen an, kòm yo pap janm kwè detèminasyon atik patipri yo.  Li ta fè sans tou, pou revize tout demand legal règleman responsabilite yo ki dirèkteman oubyen endirèkteman bay rezilta demand evalyasyon. Twòp-evalyasyon se yon reyalite eta a dwe posede e adrese. Tan enstriksyon twò presye pou pase li nan evalye elèv sou mezi yo double.  Anplis, evalyasyon elèv dwe sèvi strikteman nan objektif pou enfòme sou enstriksyon, pa pou senpleman pou bay yon varyab nan fòmil evalyasyon pèfòmans yon pwofesè, jan li ye nan nouvo demand eta a, distri yo fè plan egzamen fen kou nan klas jadendanfan-12 ane eskolè.

Katriyèmman, eta a dwe abandone plan li a pou sèvi ak done debaz evalyasyon (done premye administrasyon egzamen pwodui) kòm yon mwayen pou bay lekòl yo nòt. Rezon an senp: responsabilite nan Florid repoze sou analiz nan toude pèfòmans menmjan ak amelyorasyon alavni, yo rekonèt kòm pwogrè aprantisaj. Mezi nan pèfòmans alavni mande done konparab ki presede ane anvan ki an kesyon an.  Sa pral enposib pou ane 2014-2015 la sans pèvèzyon estatistik kòm done evalyasyon debaz, jan yo defini l, li pa ka legalman konpare ak done pèfòmans anvan yo.  Senpleman di, nòt ki enjistifyab oubyen ki san baz pi mal pase okenn nòt ditou. Yon altènatif pou ane tranzisyonèl sa a ta ka rapòte pèfòmans lekòl atravè yon rapò kanè objektif ki enfòme kominote yo sou tout endikatè edikasyonèl enpòtan, san yo pa bay yon nòt lèt lekòl ki ensèten.

Aprèsa, eta a dwe non sèlman pa kenbe desizyon lejitim li te pran anvan pou sispann konsekans responsabilite pandan ane tranzisyon sa a, men tou pwolonje li pou yon dezyèm ane.  Bon sans ki jistifye desizyon sa a, ki anrasinen nan pa avanse avèk konsekans pandan yon ane chanjman ak rezilta ensèten, kanpe kòm baz pou rekòmandasyon ki te fèt anvan yo.  Kòman pou yo gen asirans rezilta ki ka potansyèlman ensèten yo pa ka fè konfyans pou bay konsekans ki pou pwodui nòt lekòl avèk tout enplikasyon yo deja konnen pou soti nan yon sibjektif tankou prestij lekòl pou rekonèt finansman lekòl?

Anfen, rezon pou konekte done ensèten ak estatistik done akonplisman enkòrèk pou evalyasyon pwofesè ak echèl salè ki baze sou pèfòmans pwogrè aprantisaj oubyen ‘‘Value-Added Models’’ (Modèl Valè-Ajoute), lè menm pwogrè sa yo ki endispansab pou modèl la pa ekziste, li kesyonab pou pi byen, li san etik pou pi mal.

Finalman, sa ki riske isit la se pa sèlman fòs ak kredibilite sistèm responsabilite eta nou an, men sistèm nan menm.  Li ta dwe evidan anpresman pou pwoteje eritaj oubyen kondisyon aktyèl règ la ka pwouve li ka non sèlman delwayal men tou yo ka dezastre.  Senpleman fè l pa ka yon ranplasan bon mache, rapid pou fè li dwat.  Gen yon gwo enperatif moral nan jwèt sa a, kote si yo pa adrese li e reponn rezonabman, pral defini non sèlman kiyès nou ye, men tou kisa nou valorize, kijan nou atake defi lè nou konnen mye, e kijan nou valorize timoun nou yo ak moun ki ap anseye yo.  O wi, e kòm noumenm, adilt yo, konsidere, debat, opoze, diskite, e malerezman pafwa derespekte youn lòt nan pwosesis sa a, nou pa ta dwe inyore lefèt timoun nou yo ap obsève nou e, kòm entelijan yo ye, yo ap aprann oubyen yo anbouye akoz fason nou anbouye.

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès