POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 septanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL PATISIPE NAN JOUNEN RESISITASYON ATIFISYÈL MIAMI KOTE PLIS PASE 7,000 MOUN PRAL RESEVWA FÒMASYON

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Pamela Rauseo, reprezantaN ki ap soti nan University of Miami (Inivèsite Miami), “Jackson Health System” (Sistèm Sante Jackson) ak “American Red Cross of Greater Miami & The Keys” (Lakwa Wouj nan Gwo Vil Miami ak Keys yo), “American Heart Association” (Asosyasyon pou Maladi Kè Ameriken) ak “Holtz Children’s Hospital” (Lopital Holtz pou Timoun), etou enstriktè ‘CPR” (Resisitasyon Atifisyèl), travayè ponpye, elèv ak sitwayen ki enterese
KISA:
Konferans Nouvèl sou Jounen CPR Miami
KILÈ: 
Jedi 4, septanm 2014 a 10è dimaten
KI KOTE: 
Jackson Memorial Hospital                                            
Clark Diagnostic Treatment Center, Room 259
Kafou N.W. 12 Avenue ak 19 Street Miami, FL 33136     
POUKISA:

Pou reponn ak panse byen vit e ladrès siperyè sou CPR Pamela Rauseo ki sove lavi ti neve li laj 5 mwa Sebastian de la Cruz, “Miami-Dade County Public Schools M-DCPS” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè patenarya avèk Jackson Health System, University of Miami, American Heart Association and the American Red Cross of Greater Miami ak Keys pou prezante Jounen CPR Miami. Evènman an pral ofri fòmasyon CPR gratis pou piblik la kòmanse nan laj 11 an e pi gran. Sa ap fèt samdi 6 septanm 2014 a 8è dimaten pou 5è nan aprèmidi nan sèt lokasyon ki konvenyan.


# # #

14-DGD/041/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès