POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 10 jiyè 2015         

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

WIKENN KONJE NAN PEYE TAKS SOU LAVANT NAN FLORID AP
KÒMANSE 7 RIVE 16 OUT 2015

Sis ane desa, Lejislatè nan Florid te otorize yon “konje nan peye taks” pou founiti klasik debaz, rad ak sèten aparèy elektwonik nan preparasyon pou nouvo ane lekòl la. Ane sa a, konje nan peye taks sou lavant la ap kòmanse a 12:01 dimaten nan vandredi 7 out 2015, e l ap fini a 11:59 diswa nan dimanch 16 out 2015. 

Diran peryòd sa a, lwa Florid mande pou pa gen taks oubyen opsyon taks lokal (yo rele tou kòm taks diskresyonè siplemantè sou lavant) kote yo ap kolekte taks pou acha:

  • Rad, soulye, ak sèten atik ki ap vann pou $100 oubyen mwens pou chak atik,
  • Sèten founiti klasik ki ap vann pou $15 oubyen mwens pou chak atik, e
  • Òdinatè pèsonèl ak sèten ekipman ki mache ak yo, pou premye $750 sou pri lavant la, lè yo ap achte yo, pa pou sèvis kòmèsyal, pou sèvis lakay oubyen pèsonèl. 

Pami founiti klasik yo apwouve yo, gen: klasè/katab, kalkilatris, adezif transparan, CD vyèj, papye pou desen, bwat manje, papye pou ranpli katab, papye afich ak sizo.

Atik pou founiti klasik ki PA apwouve nan pa peye taks gen ladan: liv ki pa nan lis pou pa peye taks, papye pou òdinatè, adezif – likid – plim pou koreksyon; adezif pou kouvri lèt; papye pou enprimant, klipsè ak klips.

Pou plis enfòmasyon sou konje nan peye taks la, e pou yon lis atik espesifik ak kondisyon taks pou atik sa yo pandan peryòd pou pa peye taks la vizite http://myflorida.com/dor/.

###

15-DGD/004/DF/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès