POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 9 jiyè 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***NÒT POU LAPRÈS***

FONDASYON POU NOUVO INISYATIV NAN EDIKASYON RESEVWA $15,000 NAN MEN DSW

Reprezantan nan “DSW Designer Shoe Warehouse” (Depo Kreyatè Mòd Soulye) prezante yon chèk $15,000 bay “Foundation for New Education Initiatives, Inc. (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) kòm yon pati nan inisyativ anyèl DSW “Shoe Lovers Care Leave Your Mark”. Mwa dènye, yo te chwazi FNEI kòm yon finalis nan pwogram nan, baze sou travay li nan kominote a. Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te kreye FNEI an 2008 pou l amelyore akonplisman elèv ak patisipasyon kominotè pou sipòte Akademi Paran An ak lòt inisyativ edikasyonèl Lekòl Leta Miami-Dade County.

Nan foto anlè a (goch – dwat) Onnie Oupasene, Asistan Manadjè – DSW Miracle Mile; Adrienne Gaitor, Asistan Manadjè – DSW Dadeland; Matt Burket – Manadjè Distri – DSW Miami; Jackie Fuller, Manadjè Magazen – DSW Coral Gables; Joseph Gebara, Prezidan – Konsil “PTA/PTSA” Miami-Dade County yo, Trezorye FNEI; Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl yo, Chèmann Komisyon FNEI; Kadisha Phelps, Esq., - Manm Komisyon; Ann Stith de las Pozas, Direktris Egzekitif – FNEI.

###

15-DGD/007/VL/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès