POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 6 jiyè 2015         

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“BACK-TO-SCHOOL TOOL KIT” (PAKE ENFÒMASYON SOU OUVÈTI LEKÒL) 2015-2016 LA SOU ENTÈNÈT KOUNYE A 

Lekòl Leta Miami-Dade County ap ouvri pòt li lendi 24 out 2015, pou apwoksimativman 355,900 elèv pou kòmanse ane lekòl 2015-2016 la.  

Pou ede paran ak elèv fè yon bonjan tranzisyon pou retounen lekòl, nou kreye yon pake   enfòmasyon konsènan enskripsyon, demand pou vaksen, orè lekòl, dat enpòtan, ak sekirite nan lekòl.  Pake enfòmasyon an disponib sou Entènèt nan www.dadeschools.net ann Anglè, Espayòl ak Kreyòl.   

Elèv ka benefisye enfòmasyon ki nan pake a konsènan divès Chwa lekòl ak opsyon diplòm, e paran ka itilize li pou chèche konnen dat enpòtan; aplikasyon gratis distri lekòl la pou telefòn oubyen aparèy mobil; sèvis repa midi gratis; ak règ konsènan edikasyon pitit yo.  

###

15-DGD/08/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès