POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 29 jiyè 2014   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ONORE DE PATNÈ M-DCPS AVÈK
PRIM REKONESANS BIZNIS PRESTIJYE

Yo te onore de (2) patnè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) - “Florida Power & Light (FPL)” (Konpayi Elektrik Florid) ak “Odebrecht USA” - mwa dènye nan 28yèm Anyèl Prim Rekonesans Biznis Komisyonè a nan Tampa. Prim yo onore patenarya piblik-prive envantif ki ankouraje siksè edikasyonèl nan lekòl prive Florid.

Sipò FPL pou inisyativ “science, technology, engineering and mathematics (STEM)” (syans, teknoloji, jeni ak matematik) distri lekòl la, benefisye anpil lekòl ak elèv.  Nan dezan ki sot pase yo, FPL ogmante domèn sipò li pou gen ladan, ekipman wobo pou lekòl, ak enstalasyon pano elektrik sou kanpous lekòl.  FPL pwomèt mandèv tou pou sipòte EKSPOZISYON STEM Miami-Dade County nan sèvi kòm jij nan fwa syans ak konpetisyon SECME yo.  Sipò li bay ede Ekspozisyon STEM vin pi gwo e pi bon nan Florid. 

Nan foto a (goch-dwat) Chanselye Depatman Edikasyon Florid Hershel Lyons; Maureen Wilt, Manadjè Pwogram Edikasyon FPL; Francisco Cantero, Manadjè Kont FPL pou M-DCPS ak John Haney, Direktè Sèvis Kliyan Òganizasyon Teren FPL

Odebrecht USA se yon patnè M-DCPS depi plizyè ane. Konpayi a kreye meyè pwojè li yo kòm yon patnè Lekòl Elemantè Orchard Villa, devlope rapò solid avèk plizyè elèv ak fanmi yo.  Nan ouvèti ane lekòl la, yo bay elèv ki ap viv nan kay pou moun sanzabri sak lekòl ak òdinatè pou fanmi elèv ki ka gen don e ki pa gen òdinatè ki fonksyone lakay yo.  Odebrecht bay prezantasyon sou karyè pou elèv pandan li ap ofri yo eksperyans pratik nan bati e konstwi.  Kontak avèk karyè e konsantrasyon sou objektif sa a ranvèse sou paran elèv yo, e li enspire yo pou chèche travay. 

Nan foto a (goch-dwat) Chanselye Depatman Edikasyon Florid Hershel Lyons ak reprezantan Odebrecht USA Jacqueline Contney, Alf Neumann e Celia B. Corea.

###

15-DGD/009/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès