POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 jiyè 2015    

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS SE MEYÈ NAN ETA A POU SITASYON SIVIL

Yo nonmen ‘‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) meyè nan eta a pou efò sitasyon sivil li yo.  Daprè yon nouvo etid ki rele “Stepping Up: Florida’s Top Civil Citation Efforts,” (Monte pi Wo: Pi Gwo Efò Sitasyon Sivil nan Florid), M-DCPS klase nan premye 20 pousan yo an tèm efò li ki baze nan sèvi avèk sitasyon sivil, ki se pousantaj elèv ki elijib pou resevwa yon sitasyon sivil.  Etid la endike ogmantasyon nan sèvi ak sitasyon sivil la bay rezilta benefis enpòtan nan avni jèn, takspeyè, ak sekirite piblik.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Siksè sa a se yon konbinezon règ efikas ak dezi pou ofri elèv disiplin altènatif olyede arestasyon ak sispansyon.  Nan sispann yon elèv ki deja andanje pou li pa gradye akoz konpòtman li, nou aktyèlman ogmante pwoblèm nan.  Distri lekòl la jwenn yon pi bon solisyon."

Distri lekòl la klase kòm meyè pèfòmè dirèkteman devan Pinellas, Broward ak Marion County respektivman.  Distri lekòl la sèvi ak sitasyon sivil 91 pousan lè sa posib.  Eta a ak defansè nasyonal jistis jivenil ak òganizasyon sipòte rezilta yo.

Chèf Polis Lekòl Ian A. Moffett di, "Polis Lekòl Miami-Dade se pyonye nan pwogram sitasyon sivil la. Ofisye Polis pwofesyonèl nou yo, konbine avèk Administratè Distri a, Biwo Defansè Piblik, Biwo Pwokirè Eta a ak Sistèm Jistis la, yo tout responsab pou siksè pwogram sa a.  Nou rive diminye arestasyon jeneral jivenil nan senk dènye ane yo a 41 pousan e Polis Lekòl la responsab pou 18 pousan nan sitasyon sivil yo bay ane sa a.  Nou ankouraje ajans patnè ki aplike lalwa nou yo pou itilize altènatif sa a pou bay jèn nou yo yon dezyèm chans."

Etid Step Up la ap vin tounen yon rapò anyèl, e “The Children Campaign” (Kanpay Timoun) sipòte li.  Patwonè li ane sa a se Florida State University Project on Accountable Justice, the Southern Poverty Law Center, James Madison Institute ak Joseph W. & Terrell S. Clark.

Pou plis enfòmasyon, vizite http://iamforkids.org/civilcitationreport/

 

###

15-DGD/012/DF/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès