POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 jiyè 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO, DELEGASYON MIAMI AN ALE NAN RASANBLEMAN NAN MEZON BLANCH KI KONSANTRE SOU REPANSE DISIPLIN LEKÒL

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho, Depite Sipèentandan Valtena Brown ak Ofisye Akademik Anchèf Marie Izquierdo te rankontre lòt edikatè atravè peyi a nan rasanbleman Depatman Edikasyon ak Lajistis Etazini prezante. Evènman jodi a, “Repanse Disiplin,” yon konferans nan Mezon Blanch, vize ede distri lekòl kreye anviwònman pozitif lekòl e enplemante pratik disiplin efikas.

Carvalho di, “Nan M-DCPS, nou fè tout efò pou enplemante konsekans san nou pa retire nan tan enstriksyonèl enpòtan elèv resevwa … Si elèv yo pa lekòl, kèlkeswa yo absan oubyen yo nan sispansyon, yo pap aprann”.

Sekretè Depatman Edikasyon Etazini Arne Duncan di, “Konferans jodi a montre genyen lidè atravè peyi a ki devwe pou fè travay sa a... Nou fyè pou nou kanpe kòm patnè avèk edikatè sa yo pou di nou gen pou n kontinye fè plis toujou pou tout elèv nou yo.”

Daprè done ki soti nan “Civil Rights Data Collection (CRDC)” (Koleksyon Done Dwa Sivil), kantite elèv ki pèdi tan aprantisaj enpòtan akoz sispansyon deyò lekòl ak ekspilsyon varye. Yo sispann oubyen ekspilse plis pase twa milyon elèv chak ane. Done eta a montre Miami-Dade County pami nivo sispansyon ki pi ba nan eta a: apeprè 10 pousan.

Nan evènman an, Carvalho ak lòt lidè distri e eta pral aprann plis sou nouvo “map” (kat) baze sou done CRDC ki montre sispansyon deyò lekòl atravè peyi a pou ede edikatè ak kominote yo konprann enpòtans pratik sa a. Yo ap bay kat k ap suiv yo jodi a:
• Pousantaj tout elèv ki resevwa youn oubyen plis sispansyon deyò lekòl daprè “Map” (Kat) distri a e “Data Table” (Tablo Done) a
• Pousantaj elèv ki gen andikap ki resevwa youn oubyen plis sispansyon deyò lekòl Map distri a e Data Table a

Yo ap anonse nouvo resous ak inisyativ jodi a pou asiste lidè lekòl nan efò yo pou redui sispansyon ak ekspilsyon e ofri anviwònman lekòl sipòtif e ki gen sekirite. Resous yo se:

Adrese Koz ki Alabaz Inegalite Disiplinè: Yon Gid pou Edikatè Planifye Aksyon: Nouvo resous sa a ki soti nan Sant Nasyonal sou Anviwònman Aprantisaj Sipòtif ki Gen Sekirite ofri yon gid pou asiste lekòl ak distri yo idantifye koz ki alabaz inegalite nan rezilta disiplin lekòl atravè yon analiz sou done disiplin nan nivo elèv. “Addressing the Root Cause of School Discipline Disparities” (Adrese Koz ki Alabaz Inegalite nan Disiplin Lekòl) ofri metòd pratik, aksyon ki baze sou oryantasyon, pou lekòl ak distri devlope yon plan aksyon pou adrese koz ki alabaz inegalite nan disiplin. Gid la gen ladan yon Zouti Evalyasyon Danje Inegalite Disiplinè pou ede nan rasanble done ak analiz, modèl pou ede planifye e fasilite kominikasyon pami moun ki konsène, egzanp reyèl ki soti nan lekòl ak distri ki deja gen siksè e anpil lòt zouti ak enfòmasyon ankò.

Repanse Disiplin Lekòl: Gid Resous pou Sipèentandan: “Resource Guide” (Gid Resous) sa a ofri yon seri sèt aksyon posib pou ede lidè lekòl enplemante, anviwònman lekòl sipòtif ki gen sekirite ak disiplin nan angaje moun ki konsène, evalye rezilta ak istwa anviwònman lekòl ki egziste ak sistèm e pratik disiplin; enplemante refòm; e suiv pwogrè. Genyen tou nan Gid Resous la lyen pou gidans ak resous ansanm ak modèl kat postal distri ka itilize pou sipòte angajman edikatè lokal ak paran e fanmi nan efò refòm disiplin distri lekòl la.

Sipò pou Lidè Edikasyonèl Eta ak Lokal ak Patnè Lòt Sistèm: 27 jiyè, Depatman Lajistis Etazini ap lanse “National Resource Center for School Justice Partnerships” (Sant Resous Nasyonal pou Patenarya Jistis nan Lekòl) pou avanse efò refòm disiplin nan lekòl atravè peyi a. Anplis sèvi kòm yon sant resous dinamik, sant la pral sèvi tou kòm yon pòtal pou fòmasyon e asistans teknik pou tribinal jivenil, lekòl, ajans pou aplike lalwa, ak lòt pou sipòte efò refòm disiplin lekòl nan nivo lokal. Pami plizyè responsablite li yo, Sant la pral sipòte Fòmasyon sou Disiplin Lekòl Sipòtif ak Asistans Teknik Kolaboratif, yon efò Depatman Lajistis, Edikasyon, ak Sante e Sèvis Imèn Etazini pou kowòdine resous e ofri sipò estratejik pou lekòl ak kominote lekòl nan domèn tankou devlope anviwònman aprantisaj ki gen sekirite e ki sipòtif e adrese inegalite nan disiplin pou elèv ki nwa ak elèv ki gen andikap.

Kanpay Konsyantizasyon Piblik #RethinkDiscipline”: Nan semèn ak mwa ki ap suiv konferans la, Depatman Edikasyon Etazini pral kontinye evènman itilizasyon medya sosyal, “blogs”, ak lòt apwòch pou angaje teren an sou nouvo zouti ak resous pou ede kominote lekòl yo amelyore anviwònman ak disiplin lekòl.

Konferans Repanse Disiplin nan se rezilta travay  “President’s My Brother’s Keeper Initiative (MBK)” (Inisyativ Mwen Responsab Frè Mwen Prezidan an) pou “White House Council on Women and Girls (CWG)” (Konsil Mezon Blanch sou Fi ak Tifi), ak Inisyativ Disiplin Lekòl Sipòtif— yon kolaborasyon ant Depatman Edikasyon ak Lajistis Etazini te lanse an 2011 pou sipòte itilizasyon pratik disiplin lekòl ki pwomouvwa anviwònman aprantisaj ki gen sekirite, ki sipòtif, e ki pwodiktif pandan yo kenbe elèv yo nan  lekòl.
Pous plis enfòmasyon sou travay administrasyon an sou anviwònman ak disiplin lekòl ale nan http://www.ed.gov/school-discipline.

###

15-DGD/013/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès