POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 29 jiyè 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE APWOUVE PREMYE LEKTI BIDJÈ PWOVIZWA 2015-2016 LA

Miami – Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la apwouve premye lekti bidjè pwovizwa distri lekòl la pandan odyans piblik li te fè an jiyè a.  Pwopozisyon bidjè a reflete priyorite fiskal ki gen ladan ofri elèv kou inovatif pwolonje, kreyasyon pou premye fwa yon fon rezèv pou salè anplwaye, bay pwopriyetè kay soulajman taks adisyonèl, e asire estabilite ekonomik sistèm lekòl la kenbe vitalite ak solidite li.       

Sipèentandan Lekòl yo Albert M. Carvalho di, “Yon fwa ankò, Lekòl Leta Miami-Dade County demontre nou se yon òganizasyon kote se valè nou ki kontwole desizyon sou bidjè nou.”

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Bidjè a reflete konsèy sou règleman ki soti nan Komisyon Konsèy la…  Li ajoute, bidjè a respekte pwofesè nou yo, elèv nou yo, ak moun k ap peye taks yo.  Li se prèv angajman ak responsablite fiskal Komisyon Konsèy sa a pou pwoteje pwogram edikasyonèl tankou ar ak lang mondyal.”

Bidjè pwovizwa $4.83 milya a ogmante sipò finansye pou Pwogram Magnet ak Chwa, Sèvis Konsèy pou Gide elèv, “Exceptional Student Education Services (ESE)” (Sèvis Edikasyon Elèv Eksepsyonèl), Sèvis Bileng, ak Pwoteksyon e Sekirite.  Envestisman  sou finansman inisyativ ak sèvis akademik yo ap gen yon gwo efè sou aprantisaj elèv e sou akonplisman jeneral elèv.  Envestisman sa a gen ladan sa k ap suiv yo:  

- Ogmante sipò pou materyèl bileng de $4 milyon
- Ogmante sèvis konseye ak sipò pou elèv de $3.2 milyon ki gen ladan yon restriktirasyon pwogram edikasyon altènatif yo
- Pwoteje sèvis pou elèv ki gen andikap e ogmante kontra ESE yo de $1 milyon  
- Elaji sipò Enfòmatik pou lekòl yo de plis pase $4 milyon
- Amelyore teknoloji nan salklas avèk yon envestisman $27 milyon
- Elaji orè lekòl segondè yo a yon jounen ki gen 8 peryòd nan uit lekòl adisyonèl, sa ap koute $6 milyon

Nan bidjè Sipèentandan an pwopoze a, Pwogram Magnet ak Chwa yo ap ogmante avèk 53 nouvo òf pou elèv.  Anplis, distri lekòl la kreye yon rezèv $30 milyon nan negosyasyon avèk sendika anplwaye yo, pou sipòte pwofesè ak anplwaye.  Adisyonèlman, nou espere kantite total taks sou pwopriyete nou pwopoze a kapab diminye de .362 “mill” (1/10 santim) ki bay yon rezilta $46 rediksyon taks pou yon moun ki posede yon kay yo evalye a $184,000.  Rediksyon sa a se pi gwo rediksyon taks sou pwopriyete pou yon pwopriyetè kay mwayen depi Distri a te kòmanse suiv efè sa a nan kòmansman ane 1990.  Pwoteksyon sante finansye ak establite Distri a fondamantal pou desizyon ak planifikasyon bidjè a. 

Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County pral fè denye odyans piblik sou bidjè pwovizwa 2015-2016 la 9 septanm 2015 a 6:00 diswa nan oditoryòm Komisyon Konsèy
Lekòl la.

###

15-DGD/014/TTR/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès