POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 29 jiyè 2015   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS LANSE PWOGRAM EDIKASYON CHOKAN,
NAN DEVWALE NOUVO ÒF

Sipèentandan Alberto M. Carvalho devwale pou manm Komisyon Konsèy Lekòl yo nouvo òf nan preparasyon pou ane lekòl la. Carvalho te prezante nouvo pwogram ak meyè pwosedi ki fèt espesifikman pou pi byen sèvi bezwen elèv ak patnè edikasyonèl “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl leta Miami-Dade County) yo.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di “Elèv ak pwofesè nan Lekòl Leta Miami-Dade County pral fè ekperyans ak yon lòt ane lekòl enteresan nan pwogram ak inisyativ inovatif”… Nou konprann apwòch yon sèl mezi bon pou tout la pa efikas. Sa vledi, yon fwa ankò nou ap taye pwogram edikasyonèl nou yo pou satisfè bezwen (personalize) endividyèl elèv yo e ofri yo resous espesyalize pou asire yo gen tout opòtinite pou briye akademikman.”

Nou ofri senkann-twa nouvo pwogram chwa/magnet nou kreye pou ane lekòl 2015-2016 la, ki vin fè yon total depase 500 pwogram chwa. Total sa a gen ladan 16 pwogram magnet nan 12 lekòl nan domèn Syans, Matematik, Teknoloji Amizman Mitli Medya, Etid Legal, e Ar Vizyèl; 37 pwogram chwa nan 30 lekòl, ki gen ladan Plasman Avanse, (7) Diplòm Capstone, (18) Cambridge, (3) Entènasyonal, e (1) “Cybersecurity” (Sekirite sou Entènèt).

Lòt Nouvo Pwogram Magnet Gen Ladan:

  • Etid Entelijans Sekirite Nasyonal, Syans Medsin Legal ak Ofisye pou Aplike Lalwa nan Barbara Goleman Senior High School
  • Wobotik ak Ar Vizyèl nan Jose de Diego Middle School
  • Syans Sante Medikal nan McMillan Middle & South Dade Middle Schools
  • Jeni, Wobotik ak Etid Legal nan Rockway Middle School
  • Teknoloji Medya Dijital nan Hialeah Miami Lakes Senior High School
  • Akademi Medsin Legal Envestigatif nan Miami Palmetto Senior High School
  • Kominikasyon nan Sunset Senior High School
  • Echanj Global ak Lojistik nan Miami Central Senior High School,

Pwogram chwa ki pa magnet ap rantre nan plizyè lekòl ki gen ladan:
 
•     Syans Òdinatè, Ar Kuizin, ak Ar Pèfòmans nan Carol City Middle School

  • Pwogram Lang Etranje (Italyen) nan American Senior High School
  • Akademy Sekirite sou Entènèt nan Alonzo and Tracy Mourning Senior High Schools
  • Akademi Syans Medsin Legal nan Palmetto Middle School

Nouvo Inisyativ yo gen ladan:
“Digital Convergence – U.S. History Classroom Tablets and English Language Arts (ELA)-Student Tablet Programs” (Konvèjans Dijital – Pwogram Tablèt pou Elèv nan Salklas Istwa Etazini ak Redaksyon Anglè)- Pwogram nan ofri 32,000 tablèt nan tout lekòl mwayen 8yèm ane eskolè nan salklas Istwa Etazini e tout elèv 10yèm ane eskolè ki anrejistre nan ELA, ki fè yon total plis pase 100,000 aparèy.

“Digital Convergence – Tablets for Middle School Students with Autism”(Konvèjans Dijital – Tablet pou Elèv Lekòl Mwayen ki Gen Otis)- Pwogram nan ofri tablet pou elèv nan Sant Otis “self-contained” (endepandan) pou pèmèt yo jwenn aksè enfòmasyon sou Entènèt ki ap pwomote aprann lang, devlopman emosyonèl,  ak devlopman sosyal ak ladrès kominikasyon.

“School Mobile App” (Aplikasyon Mobil Lekòl)- Aplikasyon mobil la, pou iOS, Android ak Windows, ki ofri itilizatè yo yon eksperyans endividyèl (pèsonalize) baze sou “logging” (koneksyon) endividi a nan aplikasyon an. Direktè a kab kenbe paran ak elèv yo ajou avèk toude enfòmasyon espesifik Distri a e lekòl la. Paran pral gen aksè sou anyèl lekòl ki ap gen ladan adrès elektwonik, kalandriye yon lekòl sou evènman e lyen pou sit medya sosyal lekòl yo.
 
“Universal iCode Education 2.0” – (Edikasyon Kodaj Inivèsèl 2.0) – Pwogram nan ranfòse òpòtinite edikasyonèl elèv nan domèn kodaj ak pwogramasyon nan inisye Lansman Kodaj nan nivo lekòl segondè, ogmante patisipasyon nan konpetisyon kodaj ak wobotik, e lanse sesyon entwodiksyon syans òdinatè nan sèt lekòl mwayen.

“Wi-Fi-on-the-Go” (Koneksyon Sanfil -Mobil) – Pwogram nan kreye opòtinite pou aprantisaj mobil nan ofri “Hot Spots” (sous koneksyon) nan pwòp bis lekòl Distri a ki kab bay elèv aksè pandan yo sou wout ale e soti lekòl.

“Flex Stops“ (Estop Fleksib) – Pwogram Pilòt la satisfè bezwen transpòtasyon elèv magnet yo ki pa abite nan Zòn Sèvis Transpòtasyon an men ki prè wout yon estop bis ki gen kapasite chèz disponib. Yo kreye pwogram nan prè yon lekòl oubyen plaj e li ap ka pran plizyè elèv alafwa e yo etabli li baze sou nonb elèv magnet ki abite nan zòn nan. 

Global Positioning System (GPS) Bus Pilot” ((ESè nan Bis) Sistèm Pozisyònman Global)- GPS Bus Pilot etabli yon sistèm ki lokalize yon bis sou wout lekòl ki bay paran ak elèv abilite pou lokalize bis sou wout yo plase yo a.

“Miami-Dade Schools Police Department Explorers Program” (Pwogram EksploratèDepatman Polis Lekòl Miami-Dade) – Pwogram nan ofri elèv Lekòl segondè yon opòtinite pou jwenn pi bon konpreyansyon sou karyè nan aplikasyon lalwa atravè “Learning for Life “ (Aprann pou Lavi) Pwogram Polis Eksploratè yo rekonèt nasyonalman.  Elèv yo patisipe nan leson ki konsantre sou enpòtans règ klè e konsistan, limit, ak disiplin.  Elèv yo tou aprann enpòtans karaktè pèsonèl e vin yon modèl pou chanje konduit pèsonèl yo.

Health Clinic at Miami Northwestern” (Klinik Sante nan Northwestern)- Sant premye swen sa a ki lokalize nan Lekòl Segondè Northwestern nan Liberty City jwenn fon nan don $1.45 milyon FIU, Nicole Wertheim Kolèj Enfimyè ak Syans Sante yo te bay Depatman Etazini pou Sèvis Sante e Imen, Resous Imen ak Sèvis Administrasyon.

 

###

11-JJS/445/HD/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès