POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 31 jiyè 2015           

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

NAN SÈVI 50 MILYON REPA NAN YON ANE, M-DCPS AP OFRI YON APÈSI AN PRIVE SOU PWOGRAM MANJE AK NITRISYON AN    

KISA:
Jounen Vizit nan kuizin esè Depatman Manje ak Nitrisyon M-DCPS, kamyon manje a ak nouvo resèt
KILÈ: 

Lendi 3 out 2015
10:30 dimaten

KI KOTE: 

Department of Food and Nutrition
7042 West Flagler Street
Miami, FL 33144
(Antre nan 69th Avenue oubyen 72nd Avenue.  Pòt antre bilding nan se nan SW 4th Street)  

POUKISA:

Nan sèlman twa semèn, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral resevwa plis pase 340,000 elèv nan okazyon re-ouvèti lekòl la.  Depatman Manje ak Nitrisyon nou an ap travay avèk dilijans pou planifye meni ki nourisan e ki bon pou lasante pou ane lekòl ki ap vini an.  Depatman an ap ofri medya a yon apèsi an prive nan Kuizin Esè li a, nouvo seleksyon manje ki gen ladan inisyativ “Lean and Green” (alimantasyon ekilibre), ak plato manje ki dekonpozab.

An Rezime:

  • 50 milyon repa nou sèvi anyèlman
  • 90,000 dejne ak prèske 200,000 repa midi nou sèvi chak jou
  • 6 milyon liv fwi ak legim fre nou sèvi chak ane  
  • Manje ki vo $75 milyon nou achte chak ane
  • Swasant-katòz pousan elèv M-DCPS kalifye pou repa midi gratis oubyen nan pri redui 
  • Nou entèdi manje ki gen asid gra oubyen luil ki gen idwojèn nan meni nou yo

M-DCPS ofri tou dejne gratis pou chak elèv, pou yo ka byen kòmanse jounen akademik yo.  Kòmanse 24 out jiska 2 novanm, n ap mete non elèv ki pran dejne nan lekòl yo chak jou nan yon tiraj chak semèn pou resevwa yon kat kado Amazon $50.  Nou ap seleksyone trant gayan pa aza chak semèn.

VIZYÈL:

-Disponiblite laprès avèk anplwaye depatman Manje ak Nitrisyon ann Anglè/Espayòl  
-Nouvo seleksyon manje – yawout Grèk, “Naked juice”, “Guavalito”, anbalaj vejetaryen (mak ‘Lean and Green’) 
-Vizit Kuizin Esè a
-Plato manje ki dekonpozab  
-Kamyon Manje M-DCPS    
-Aplikasyon Mobil Dadeschools ki prezante meni repa midi lekòl pou semèn nan 

# # #

15-DGD/017/DF/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès