POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 21 out 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS, UTD JWENN YON AKÒ PWOVIZWA ISTORIK
Sou salè, pwopozisyon pou benefis pwofesè, pèsonèl sipò edikasyonèl avan lekòl kòmanse

MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) jwenn yon akò pwovizwa avèk “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè Dade) avan nouvo ane lekòl la pou premye fwa depi 15 an.  Akò sa a ap benefisye plis pase 30,000
anplwaye atravè Distri a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Akò istorik sa a reprezante envestisman nou entèlektyèlman e finansyeman, nan valè pwofesè nou yo e nan travay yo ap fè…  Malgre tout ane nou pase nan difikilte ekonomik ak diminisyon nan taks, nou rive negosye yon
akò ki bay pwofesyon ansèyman an diyite ak onè.”

Akò pwovizwa a reprezante yon mwayèn kat pousan ajisteman konpansasyon ki gen ladan apeprè twa pousan ogmantasyon salè ak yon pousan ekonomi sou swen sante pou pwofesè ak pèsonèl
sipò edikasyonèl.

Selon pake pwopozisyon sou salè a, yo amelyore twa opsyon swen sante pou anplwaye distri a avèk yon ogmantasyon benefis nan famasi.  Pifò anplwaye yo pral jwenn benefis ki egal oubyen
mwens pase frè yo te peye ane pase avèk amelyorasyon adisyonèl ki gen ladan benefis nan famasi. Yo pral enplemante yon nouvo “Transparency Tool” (Zouti Transparans) pou ofri anplwaye chwa
ak enfòmasyon enpòtan pou yo ka seleksyone opsyon pri ki pi bon kalite e mwen chè e pou yo resevwa lajan kach kòm rekonpans pou ankouraje yo.  Anplwaye yo ap toujou genyen yon opsyon gratis pou swen sante.

Distri a ak sendika a jwenn yon akò tou konsènan pwosesis evalyasyon pwofesè yo.  Akò a pwoteje entegrite evalyasyon pwofesè yo e li pèmèt pwosesis la kontinye konsantre li sou eleman
ki pi enpòtan pou pwofesè a, pratik pwofesyonèl ki pi efikas ak aprantisaj pwofesyonèl ki kapab fè gwo efè.

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Kòm manm Komisyon Konsèy Lekòl, nou trè kontan dèske Lekòl Leta Miami-Dade County jwenn yon akò avèk Sendika Pwofesè Dade…  Akò sa a travay nan pi bon enterè distri lekòl la ak sendika a e li demontre angajman nou nan pwoteje byennèt pwofesè nou yo ki ap travay dilijamman avèk timoun nou yo.”

Yo pral soumèt Akò pwovizwa sa a pou ratifikasyon manm UTD yo ak apwobasyon Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Prezidan Sendika Pwofesè
Dade Fedrick Ingram.

###

15-DGD/027/TTR/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès