POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 26 out 2015    

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DE LEKÒL LETA MIAMI-DADE ANTÈT NAN ETA A SOU LIS
NEWSWEEK 2015 POU 500 MEYÈ LEKÒL

Miami-Dade briye pase lòt distri lekòl nan Florid YO

Yo prezante douz lekòl leta Miami-Dade nan lis jounal prestijye Newsweek “Beating the Odds 2015: Top High Schools for Low-Income Students” (Malgre Difikilte: Meyè Lekòl Segondè pou Elèv ki Gen Revni Ba).  Sou 21,000 lekòl segondè nan peyi a, sèlman 23 lekòl nan Florid nan lis la.  Pami yo, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) reprezante yon 52 pousan eklatan nan lekòl yo chwazi nan eta a avèk “Medical Academy for Science and Technology” (Akademi Medikal pou Syans ak Teknoloji) nan Homestead ki klase #1 ak “Design & Architecture Senior High (DASH)” (Lekòl Segondè Desen ak Achitekti) ki klase #2.
 
Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Lekòl Leta Miami-Dade County ekstrèmman fyè pou yo rekonèt li sou lis enpòtan sa a.  Reyalizasyon sa a se yon temwayaj pou apwòch inovatif e pwogresif distri lekòl la pran konsènan divès òf edikasyonèl ki asire yon edikasyon klas mondyal pou tout elèv nou yo.”

Newsweek ap klase meyè lekòl segondè Ozetazini depi plis pase dizan.  Li idantifye 500 lekòl segondè leta atravè peyi a nan sa ki konsène to gradyasyon, to elèv ki abandone lekòl, nòt “AP/IB”, enskripsyon nan kolèj, patisipasyon ak nòt nan “SAT” ak “ACT”, kantite elèv ki enskri nan kou kolèj pandan yo nan lekòl segondè  ak nòt eta a, ansanm ak yon kantite elèv ki elijib pou repa midi gratis/nan pri redui.

Lòt lekòl ki nan lis la se:

  • iPreparatory Academy
  • Miami Springs Senior High School
  • Coral Reef Senior High School
  • Miami Coral Park Senior High School
  • G. Holmes Braddock Senior High School

Pou yon lis konplè Meyè Lekòl Newsweek, vizite sit Entènèt la nan:
http://www.newsweek.com/high-schools/americas-top-high-schools-2015.

** Kòm rekonesans li pou onè sa a, Sipèentandan Alberto M. Carvalho ap vizite “MAST@Homestead” jedi 27 out a 10:30 dimaten.  Lekòl la lokalize nan 1220 NW 1st Avenue.

 

###

     15-DGD/030/DF/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès