POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 26 out 2015   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS, OEO, “SURETY & FIDELITY ASSOCIATION OF AMERICA” PRAL FÈ YON SERI ATELYE POU ASISTE BIZNIS KI AN DEVLOPMAN PRÈ POU BON AN

Nouvo ti biznis lokal ak sa ki an devlopman, biznis mikwo ak M/WBE ak kontraktè ki enterese mete yo prè pou bon an kapab enskri pou atelye “Model Contractor Development Program” (Modèl Pwogram Devlopman Kontraktè) - yon fwa pa semèn pou uit-semèn kòmanse jedi 3 septanm 2015 – se Biwo Opòtinite Ekonomik Lekòl Leta Miami-Dade County an patenarya avèk “Surety & Fidelity Association of America” kap prezante l.

Atelye konpreyansif konplè yo ap fèt a 6:00 pou 8:30 diswa nan Oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la, 1450 NE Second Avenue. Chak semèn y ap touche yon sijè diferan nan atelye yo, tankou planifikasyon biznis, estimasyon ak fè òf. Patisipan yo tou ap jwenn asistans teknik pou ranpli yon aplikasyon pou bon an ak sesyon youn-a-youn avèk pwofesyonèl lokal yo.

Modèl Pwogram Devlopman Kontraktè a se youn nan 12 solisyon ant M-DCPS e NAACP, Urban League ak BAC Funding dakò sou yo, pou asiste biznis lokal yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Michelle Hicks-Levy nan 305-995-1307 oubyen atravè lèt elektwonik nan mhicks-levy@dadeschools.net

NÒT EDITÈ A: ATTACHED NAN ATACHMAN SA A N AP JWENN FÒM ENSKRIPSYON KONTRAKTÈ A AK YON FEYÈ KI DETAYE SIJÈ ATELYE YO

 

###

15-DGD/031/HD/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès