POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 26 out 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

Lwa Federal mande pou Lekòl Leta Miami-Dade County pibliye enfòmasyon ki nan lis anba a.

DEPATMAN MANJE AK NITRISYON  
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY


Anonse règ li pou Repa Gratis e nan Pri Redui pou elèv anba

PWOGRAM NASYONAL REPA MIDI AK DEJENE LEKÒL

Nenpòt moun ki enterese ka revize yon kopi règ la nan kontakte

DEPARTMENT OF FOOD AND NUTRITION
7042 WEST FLAGLER STREET
MIAMI, FLORIDA  33144-2703 / 786-275-0400


Yo voye bwochi aplikasyon pou manje bay tou fanmi yo.  Pou aplike pou manje Gratis oubyen nan Pri Redui, paran oubyen gadyen dwe aplike elektwonikman nan http://nutrition.dadeschools.net. Fanmi yo ka ranpli aplikasyon sou papye e voye l tounen nan lekòl kote pitit yo a ki pi jèn nan ale.  Ranpli yon aplikasyon sèlman pou chak kay.  Aplikasyon yo disponib nan direksyon chak lekòl ann Espayòl, Anglè ak Kreyòl. Yo ap itilize enfòmasyon ou bay nan aplikasyon an nan bi pou detèmine elijibilite e yo ka verifye yo nenpòt lè pandan ane lekòl la.  Ou ka soumèt aplikasyon nenpòt lè pandan ane a. 

Yo ap itilize kritè kantite moun ki nan kay la ak revni yo pou detèmine elijibilite. Nou ap jwenn kritè sa yo nan dezyèm paj dokiman sa a.  Timoun ki soti nan fanmi ki gen revni nan nivo a oubyen pi ba nivo yo montre a, ka elijib pou Manje Gratis oubyen nan Pri Redui.  Yo pa ka apwouve yon aplikasyon amwenske li gen tout enfòmasyon elijibilite yo konplè.  Yon fwa li apwouve, benefis manje yo bon pou tout yon ane.  Ou pa bezwen avize distri a chanjman nan revni w ak kantite moun ki nan kay la.

Yo mande pou kay ki resevwa ‘‘SNAP (Supplemental Nutrition Assistance Program)’’ (Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè) oubyen ‘‘TANF (Temporary Assistance to Needy Families)’’ (Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Bezwen) pou yo mete nimewo dosye aktyèl la nan aplikasyon an.  Sote seksyon 2, 4, 6 ak 7 nan aplikasyon an.  Yo ap pwolonje benefis manje gratis bay tout timoun ki nan kay la lè yo mete nimewo SNAP/TANF nan aplikasyon an.

Timoun leta ap okipe ap resevwa benefis manje gratis kèlkeswa revni pèsonèl timoun nan oubyen revni kay kote yo abite a e yo ka mete yo kòm yon manm fanmi timoun leta ap okipe si fanmi timoun leta ap okipe a chwazi aplike pou benefis tou.  Si fanmi timoun leta ap okipe a pa elijib pou manje gratis oubyen nan pri redui, sa pap anpeche yon timoun leta ap okipe resevwa benefis manje gratis.

Kay ki gen timoun yo konsidere kòm migran, sanzabri, oubyen ki sove kite kay yo ta dwe kontakte lyezon distri a, nan 305-995-7318 pou kondisyon konfimasyon Sanzabri/Sove Kite Kay oubyen 305-258-4115 pou konfimasyon kondisyon Migran.

Nan bi pou yo ka detèmine kantite moun ki nan kay la, yo konsidere manm fanmi ki ale nan sèvis militè kòm moun fè ki pati kay la.  Fanmi yo dwe mete non moun ki ale nan sèvis militè yo nan aplikasyon yo.  Yo dwe rapòte sèlman pòsyon revni moun ki nan sèvis militè a ki disponib pou yo oubyen nan non yo pou fanmi an.  Adisyonèlman, ou pa dwe mete ladan kòm revni lajan pou lojman ki se pati Inisyativ Privatizasyon Lojman Militè.

Tout lòt kay dwe bay enfòmasyon ki ap suiv la nan aplikasyon an:

  • Non tout elèv nan kay la – bay nimewo idantifikasyon elèv yo, dat nesans yo, non lekòl yo ale e si li aplikab tcheke bwat ki endike yo se Timoun Leta ap Okipe, Migran, Timoun ki Sove Kite Kay yo oubyen elèv ’’Head Start’’ (Kòmanse Edikasyon Bonè).
  • Non tout moun ki nan kay la – si li aplikab bay revni manm fanmi ki nan kay la.
  • Revni total kay la resevwa anvan taks, kalite revni (pa egzanp salè, sipò pou timoun, eksetera) e konbyen fwa chak manm fanmi an resevwa revni an (an dola antye).
  • Siyati yon adilt nan kay la ki sètifye enfòmasyon yo bay la kòrèk.
  • Kat dènye chif nimewo sosyal sekirite adilt ki siyen aplikasyon an.  Si manm fanmi sa a pa gen yon nimewo sosyal sekirite, yo dwe ekri mo "OKENN" oubyen mete yon X nan bwat ("No SSN").

Si w pa elijib kounye a men vin gen yon rediksyon nan revni kay la, ou pèdi travay, kantite fanmi an ogmante, oubyen ou vin elijib pou benefis SNAP, TANF oubyen FDPIR, ou ka ranpli yon aplikasyon lè sa a.  Chanjman sa yo ka fè elèv la kalifye pou manje nan pri redui oubyen gratis si revni kay la tonbe nan oubyen pi ba nivo yo montre anba a.

Elèv yo ka peye davans pou repa midi sou Entènèt nan www.PayPams.com oubyen nan kafeterya lekòl la ak chèk oubyen kach.  Yo ap voye enfòmasyon sou ‘‘PayPams’’ nan kay la ansanm ak bwochi aplikasyon manje a. Yo sèvi tout elèv Lekòl Leta Miami-Dade County dejene san peye chak jou.  Pri repa midi lekòl elemantè se $2.25.  Lekòl mwayen ak lekòl segondè se $2.50.  Pri redui Repa midi se 40 santim.

Anba atik règ manje Gratis e nan Pri-Redui a Direktè Administratif oubyen moun li deziye pral revize aplikasyon yo e detèmine elijibilite.  Si yon paran oubyen gadyen pa satisfè ak desizyon ofisyèl la, li ka diskite desizyon an ak anplwaye nan Biwo Distri a nan (786) 275-0400 Ekstansyon 5000 sou yon baz enfòmèl.  Si paran an vle fè yon apèl fòmèl, li ka fè yon demand swa oralman oubyen alekri bay Direktè Fonksyònman an nan (786) 275-0426.

GID ELIJIBILITE REVNI FLORID
POU MANJE GRATIS E NAN PRI REDUI

Efektif apati 1ye jiyè 2015 pou 30 jen 2016

 

Echèl Manje Gratis se 130% Nivo Povrete Federal la

Kantite Moun ki nan Kay la

Anyèl

Mansyèl

De Fwa pa Mwa

Chak De Semèn

Pa Semèn

1

15,301

1,276

638

589

295

2

20,709

1,726

863

797

399

3

26,117

2,177

1,089

1,005

503

4

31,525

2,628

1,314

1,223

607

5

36,933

3,078

1,539

1,421

711

6

42,341

3,529

1,765

1,629

815

7

47,749

3,980

1,990

1,837

919

8

53,157

4,430

2,215

2,045

1,023

Pou chak manm fanmi adisyonèl, ajoute

5,408

451

226

208

104

 

Echèl Manje Pri Redui se 185% Nivo Povrete Federal la

Kantite Moun ki nan Kay la

Anyèl

Mansyèl

De Fwa Pa Mwa

Chak De Semèn

Pa Semèn

1

21,775

1,815

908

838

419

2

29,471

2,456

1,228

1,134

567

3

37,167

3,098

1,549

1,430

715

4

44,863

3,739

1,870

1,726

863

5

52,559

4,380

2,190

2,022

1,011

6

60,255

5,022

2,511

2,318

1,159

7

67,951

5,663

2,832

2,614

1,307

8

75,647

6,304

3,152

2,910

1,455

Pou chak manm fanmi adisyonèl, ajoute

7,696

642

321

296

148

Pou detèmine revni anyèl:

  • Si w resevwa revni an chak semèn, miltipliye total revni anvan taks la pa 52.
  • Si w resevwa revni an  chak de (2) semèn, miltipliye total revni anvan taks la pa 26.
  • Si w resevwa revni an de fwa pa mwa, miltipliye total reveni anvan taks la pa 24.
  • Si w resevwa revni an pa mwa, miltipliye total revni anvan taks la pa 12.

Sonje:  Ou dwe repòte montan total revni anvan taks, sekirite sosyal, benefis sante, peman inyon, oubyen lòt dediksyon anvan taks.

“The U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini), entèdi diskriminasyon kont kliyan, anplwaye, e aplikan li pou anplwa sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap, sèks, idantite maskilen/feminen, relijyon, revanj, e lè li aplikab, konviksyon politik, kondisyon marital, kondisyon familyal oubyen parantal, oryantasyon seksyèl, oubyen si tout oubyen yon pati nan revni yon endividi soti nan yon pwogram asistans piblik, oubyen enfòmasyon jenetik ki pwoteje nan anplwa oubyen nan nenpòt pwogram oubyen aktivite Depatman an fè oubyen finanse. (Yo pap aplike tout baz entèdiksyon yo nan tout pwogram e/oubyen aktivite anplwa yo).   

Si w vle pote yon plent Dwa Sivil pou diskriminasyon, ranpli Fòm “USDA Program Discrimination Complaint” (Pwogram Plent Diskriminasyon USDA) w ap jwenn sou Entènèt nan http://www.ascr.usda.gov/complaint_filing_cust.html, oubyen nan nenpòt biwo USDA, oubyen telefone (866) 632-9992 pou mande fòm nan. Ou ka ekri tou yon lèt ki gen tout enfòmasyon yo mande nan fòm nan. Voye fòm plent ou ranpli a oubyen lèt la pa lapòs nan U.S. Department of Agriculture, Director, Office of Adjudication, 1400 Independence Avenue, S.W., Washington, D.C. 20250-9410, pa faks (202) 690-7442 oubyen lèt elektwonik nan program.intake@usda.gov.

Moun ki soud, ki pa tande byen oubyen ki gen andikap pou pale ka kontakte USDA atravè Sèvis Transmisyon Federal nan (800) 877-8339; oubyen (800) 845-6136 (ann Espayòl). 

USDA se yon founisè e anplwayè ki bay tout moun opònite egal ego.”

Rev. 8.24.15

 

###

15-DGD/032/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès