POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 1ye septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN YON PWOFESÈ AR KI RETRETE KÒM BENEFISYÈ PRIM MEYÈ EDIKATÈ AR ELEMANTÈ POU ANE 2015 LA

Asosyasyon Edikasyon Ar nan Florid nonmen pwofesè ar retrete, Patricia Cummins, benefisyè Prim Meyè Edikatè Ar Elemantè pou Ane 2015 la.  Yo ap prezante prim nan nan Dejne Prim yo a samdi 10 oktòb a 7:30 dimaten nan Naples Grande Beach Resort nan Naples, Florid.

Vis-Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence S. Feldman te nomine Cummins, yon pwofesè elemantè retrete ki te travay pou Lekòl Leta Miami-Dade County pandan 36 ane, pou prim prestijye sa a.

“Florida Art Education Association (FAEA)” (Asosyasyon Edikasyon Ar nan Florid) se yon asosyasyon ki baze sou afilyasyon ki devwe pou ofri edikatè ar vizyèl nan Florid konesans, ladrès ak sipò ki ap asire tout elèv nan Florid resevwa pi bon kalite enstriksyon posib.

###

15-DGD/35/TC/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès