POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 4 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOGRAM ESTAJ ETE M-DCPS RESEVWA CHÈK $100,000 NAN MEN JPMORGAN CHASE & CO.

MIAMI – JPMorgan Chase & Co. prezante yon chèk $100.000 bay Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto M. Carvalho ak manm Komisyon Konsèy  Lekòl Miami-Dade yo pou agrandi pwogram estaj ete sistèm lekòl la “NAF (National Academy Foundation)” (Fondasyon Akademi Nasyonal).  Envestisman JPMorgan Chase la pral ede sipòte agrandisman pwogram nan a 500 elèv. Elèv estajyè nan pwogram nan ap gen opòtinite pou fè eksperyans pratik nan gwo endistri ki ap devlope, jwenn kredi kolèj, devlope rezime yo, e jwenn aksè a konseye e antrenè, ki gen ladan transpòtasyon, teknoloji, ak swen sante.

Pwogram estaj la ouvè pou elèv ki patisipe nan pwogram karyè akademi NAF la nan Jeni, Enfòmatik, Finans, Ospitalite ak Touris oubyen Syans Sante.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Manm Komisyon Konsèy, Anplwaye Distri a, ak Elèv estajyè NAF yo, rankontre ak ‘‘South Florida Market Leader’’ (Lidè Makèt Sid Florid) Guillermo Castillo ak reprezantan JPMorgan Chase ki te prezante yon chèk $100,000 pou pwogram estaj ete NAF Distri a.

###

15-DGD/041/TTR/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès