POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 9 septanm 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE APWOUVE TWA ATIK ISTORIK, AVANSE PRIYORITE

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade apwouve twa atik kle jodi a ki pral ranfòse e amelyore kalite lavi pou edikatè, elèv, fanmi, biznis nan kominote yo ak ekonomi lokal la.  Atik sa yo pral kenbe salè pwofesè konpetitif, amelyore opòtinite biznis pou minorite e ranfòse kalite bilding lekòl yo.

Komisyon Konsèy Lekòl la fè yon gwo pa annavan pou asire pwofesè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo rete pami sa ki pi byen peye nan eta a.  Anba nouvo orè salè a, pwofesè yo pral tranzisyone nan yon plan konpansasyon ki pral pèmèt ogmantasyon alavni, ki baze an pati sou pèfòmans, daprè lwa eta a.  Avèk apwobasyon atik jodi a, apwoksimativman 85 pousan mendèv distri lekòl la pral anba kontra.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Bay ogmantasyon konpansasyon ki ap konbat pou ekite pandan yo ap kenbe oubyen redui depans swen sante, reflete toude, negosyasyon onèt, respektye ak kolaborasyon sou kesyon pi enpòtan ki afekte pwofesè ak manm pèsonèl sipò nou yo.”

Jodi a Komisyon Konsèy Lekòl la tou re-etabli pwogram Antrepriz Biznis Minorite/Fanm Posede pou pwomote opòtinite egal pou minorite ak biznis fanm-posede e pote chanjman siyifikatif nan pratik biznis distri lekòl la.

$1.2 milya “general obligation bond (GOB)” (bon obligasyon jeneral) ki te pasaj nan ane 2012 la mande pou pataje konstriksyon lekòl yo resevwa ak amelyorasyon teknoloji dijital egalman menmjan ak rekiperasyon sipò ekonomik lokal la.  Pou aplike direktiv GOB a, M-DCPS an patenarya avèk gwoup lokal te dirije yon etid disparite ki te nesesè pou asire ekite nan opòtinite biznis avèk distri lekòl la.

M-DCPS te kreye “Office of Economic Opportunity (OEO)” (Biwo Opòtinite Ekonomik) Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve e li te komisyone yon etid sou disparite pou egzamine diskriminasyon nan kontra yo.  Yo te jwenn disparite nan kontra yo men pa nan soutretans, Sipèentandan an te komisyone Dtè. Thomas Boston, yon ekspè renome nan domèn nan pou fè yon etid disparite separe, ki dekouvri disparite adisyonèl nan soutretans.  Yo te ekri yon lis rapò ak sa yo te jwenn kòm disparite nan kontra prensipal yo, sèvis pwofesyonèl ki gen rapò ak konstriksyon e planifikasyon ak sèvis pwofesyonèl soutretans ki gen rapò ak konstriksyon.  Yo te apwouve premye faz etid la ak tout objektif yo te rekòmande yo nan plas yo.  Distri a gen plan pou bay detay sou dezyèm Faz Etid Disparite a nan semèn k ap vini yo.     

Carvalho ajoute, "Mwen fyè egalman sou pwogrè nou fè avèk rapò disparite a.  Mwen konsidere sa kòm youn nan pi gwo reyalizasyon mwen kòm sipèentandan.  Fè pwomès, kenbe pwomès.”

Finalman, Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve pwojè GOB pou yon valè fon finansman $42 milyon.  Pwojè sa yo gen ladan renovasyon nan plizyè lekòl e yo akòde yon kontra konstriksyon pou ranplase Lekòl Elemantè Frederick Douglass ak Lekòl Elemantè Bunche Park.  Anplis, kòm dezyèm e dènye pati odyans bidjè li a, Komisyon Konsèy la adopte Plan Kapital Senk Ane pou “FY15-16 rive FY19-20.”  Plan sa a bay alokasyon pou pwojè adisyonèl nan peryòd senk ane k ap vini an ki totalize apwoksimativman $113 milyon.  Apwopriyasyon sa yo se rezilta estrateji finansye pridan, yon ti ogmantasyon nan revni lokal ki gen ladan efè frè yo, aksè apwoksimativman $5 milyon nan bon federal yo ansanm ak patenarya kontinyèl avèk gouvènman lokal yo pou maksimize itilizasyon fon piblik yo, ki fè toude, siplemante e konplemante finansman GOB a.

Finansman yo ap konsantre tou sou kapasite elèv nan zòn nan distri lekòl la ki toujou ap fè eksperyans ap devlope, ki gen ladan, men ki pa limite a, koridò kominote Nòdès Miami-Dade la, Doral, seksyon lwès Hialeah a ak sidwès Miami-Dade.  Nouvo estasyon elèv nan zòn ki ap devlope sa yo pèmèt M-DCPS gen yon prezans, rete konpetitif, e ranfòse abilite li pou bay nouvo opsyon chwa lekòl e inovatif menmjan pou paran ak elèv.

Plan aktyèl senk ane a pèmèt yo konstwi senk nouvo etablisman, ofri lajan pou planifikasyon prensipal ak konsepsyon yon oditoryòm pèfòmans ar nan youn nan lekòl magnèt Distri a, ak finansman siplemantè aktyèl nan plizyè etablisman ki deja egziste pou adrese bezwen adisyonèl kritik.  Lòt amelyorasyon nou finanse gen ladan amelyorasyon espesifik salklas tankou ekleraj, pwoteksyon kont blakawout, amelyorasyon HVAC ak renovasyon sant medya nan 82 lekòl atravè Distri a.

 

###

15-DGD/044/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès