POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 10 septanm 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

**** DIFIZYON FOTO ****

M-DCPS PREZANTE KANPAY AKTIVITE FIZIK NASYONAL ‘50 MILLION STRONG BY 2029’ (50 MILYON FÈM VÈ 2029)

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy, ofisyèl Distri, ak elèv klas matènèl e anplwaye Lekòl Elemantè North Beach te resevwa reprezantan ki soti nan “SHAPE America” (Fè Amerika Fèm), Konsil Prezidan an sou Bon Kondisyon Fizik ak NIKE maten an pou lanse "50 Million Strong by 2029" campaign, (Kanpay 50 Milyon Fèm vè Ane 2029) yon mouvman nasyonal pou asire, tan pou elèv nan klas matènèl jodi a gradye nan lekòl segondè an 2029, tout elèv Amerika pral benefisye ladrès, konesans ak opòtinite pou jwi aktivite fizik ansante, e ki fè sans.

Aktivite fizik nan lekòl ofri elèv anpil benefis, ki gen ladan amelyorasyon nan akonplisman akademik, nòt egzamen, atansyon, konsantrasyon e konpòtman serye. Inisyativ sa a pral bay jèn yo konesans ak ladrès pou vin aktif diran tout lavi, e asire yo opòtinite pou angaje yo nan aktivite fizik ki asosye ak jounen lekòl la pou 60 minit.

Lè elèv nan klas matènèl Lekòl Elemantè North Beach sa yo gradye nan lekòl segondè an 2029, tout elèv Amerika pral benefisye ladrès, konesans, konfidans, dezi ak opòtinite pou
 jwi aktivite fizik ansante, e ki fè sans.

Sipèentandan Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl yo ak ofisyèl Distri a te prezante lansman inisyativ
 “50 Million Strong by 2029” ki soti nan “SHAPE America”.

 

###

15-DGD/045/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès