POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 18 septanm 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ANONSE PATWONAJ POU PWOGRAM MANJE
APRÈ LEKÒL

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse enplemantasyon “Afterschool Meals Program” (Pwogram Manje Aprè Lekòl) yon sou-eleman Pwogram Swen Timoun anba Depatman Agrikilti Etazini.

Pwogram nan fèt pou li premyèman bay tigoute ak manje nourisan pou timoun nan pwogram aprè lekòl yo atravè distri lekòl la. Kòmanse madi 1ye oktòb 2015, “Snack Plus” (Tigoute Plis) ap disponib san pri adisyonèl pou timoun ki enskri nan pwogram swen sante aprè lekòl nan Lekòl Elemantè David Fairchild, 5757 S.W. 45th Street, Miami, Fla. 33155, ak Lekòl Mwayen Paul Bell nan 11850 N.W. 2nd Street, Miami, Florida 33172.  Pou detay espesifik, silvouplè kontakte lekòl la dirèkteman.

# # #

“U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini) entèdi diskriminasyon kont kliyan, anplwaye, ak aplikan pou anplwa li yo sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap, sèks, idantifikasyon seksyèl, relijyon, revanj, e kote li aplikab, konviksyon politik, kondisyon marital, familyal oubyen kondisyon parantal, oryantasyon seksyèl, oubyen si tout oubyen yon pati salè yon moun soti nan yon pwogram asistans piblik, oubyen enfòmasyon jenetik ki pwoteje nan anplwa oubyen nan nenpòt aktivite Depatman an dirije oubyen finanse. (Se pa tout baz yo entèdi ki pral aplike pou tout pwogram e/oubyen aktivite anplwa.)  Si w vle pote yon plent diskriminasyon kont Dwa Sivil nan pwogram nan, ranpli Fòm “USDA Program Discriminasyon Complaint”, (Plent Diskriminasyon Kont Pwogram USDA) ou jwenn sou Entènèt nan http://www.ascr.usda.gov/complaint_filing_cust.html, oubyen nan nenpòt biwo USDA, oubyen rele (866) 632-9992 pou mande fòm nan. Ou ka ekri yon lèt tou ki gen ladan tout enfòmasyon yo mande nan fòm nan. Voye fòm plent ou ranpli a oubyen lèt ban nou pa lapòs nan U.S. Department of Agriculture, Director, Office of Adjudication, 1400 Independence Avenue, S.W., Washington, D.C. 20250-9410, pa faks (202) 690-7442 oubyen lèt elektwonik nan program.intake@usda.gov. Moun ki soud, mal pou tande oubyen ki gen andikap pou pale ka kontakte USDA atravè Sèvis Relè Federal nan (800) 877-8339; oubyen (800) 845-6136 (ann Espayòl).  USDA se yon founisè e anplwayè opòtinite egal.

 

###

15-DGD/048/TC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès