POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandrdi 18 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

 

DISTRI A LANSE INISYATIV ‘iATTEND M-DCPS’ POU ESTOPE ABSANS LEKÒL

Nan nenpòt ki jou prèske 20,000 elèv absan nan Lekòl Leta “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Ale lekòl chak jou se youn nan faktè ki  pi senp e ki pi enpòtan ki kontribye nan siksè akademik yon timoun. Se sak fè Sipèentandan Alberto M. Carvalho ak Manm Komisyon Konsèy yo – ansanm ak lidè minisipal yo ak òganizasyon kiltirèl e kominotè yo te fè yon konferans laprès jodi a pou lanse “iAttend M-DCPS Initiative” (Inisyativ Mwen Ale nan Lekòl Leta Miami Dade County), yon apwòch estratejik ki pi agresif pou dewoute absans lekòl.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Chak jou yon timoun vin lekòl se yon opòtinite pou li aprann… Genyen yon relasyon dirèk ant ale lekòl regilyèman ak siksè elèv. Li enpòtan pou paran, biznis, lidè relijye, ofisye eli ak tout segman nan kominote nou an rankontre avèk nou pou ranfòse enpòtans prezans lekòl regilye. Prezan chak jou vle di elèv nou yo ap fè eksperyans jwa aprantisaj.

Inisyativ sa a gen ladan siveyans pi prè e rapòte absans elèv, rele paran, e mezi pi dirèk ki gen ladan vizite kay la, bay konsèy e refere li bay ajans deyò.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ansanm ak Manm Komisyon Konsèy yo, sipòtè kominotè, ak elèv ki soti nan Lekòl Mwayen Jose de Diego nan lansman Inisyativ Prezans Lekòl ‘iAttend M-DCPS’.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho antèt nan dirije elèv yo nan yon prestasyon  sèmanpou prezans lekòl: iLive, iLove, iLearn, iAttend M-DCPS” (Mwen Viv, Mwen Renmen, Mwen Aprann, Mwen Ale Lekòl M-DCPS).

Distri a gen nan plan li pou bay defi ‘iAttend M-DCPS’ kote nou ap rekonèt lekòl nan yon baz mansyèl pou amelyore prezans ak prezans wo, ki gen ladan rekonesans pou elèv yo. Adisyonèlman, Miami Marlins, Miami Dolphins, Miami HEAT ak City Ballet, patnè lontan distri lekòl la dakò pou bay inisyativ sa a sipò atravè kominikasyon ki vize pou kominote a.

Pami patnè nou ki te prezan jodi a se te: Vis Chèman Komisyon Konsèy Lekòl yo Dtè. Larry Feldman, Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo Lubby Navarro, Majistra Vil Miami Tomás Regalado, Prezidan ‘Council’ Vil Hialeah Isis Garcia-Martinez, Prezidan ‘Council’ PTAs/PTSAs Miami-Dade County Joseph Gebara, Prezidan ‘Urban League of Greater Miami’ T. Willard Fair, Direktris Atistik City Ballet Miami Lourdes Lopez, ak Direktè Egzekitif Miami City BalletMichael Scolamiero, ak Direktè Gwo Grad ki soti nan Miami Marlins pou Lyezon Kominotè Angela Smith.

Si ou ta renmen ede, silvouplè rele 305-995-3050.  Ou kab rete enfòme tou sou inisyativ sa a sou medya sosyal nan sèvi ak #iAttendMDCPS.

 

###

15-DGD/050/HD/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès