POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 21 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

REMAK SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO
POU REYINYON KOMISYON EDIKASYON ETA A
21 SEPTANM 2015

Prèske sèt mwa desa plis pase yon milyon elèv atravè eta Florid la te chita devan yon ekran òdinatè pou pran Evalyasyon Estanda Florid moun t ap tann avèk enpasyans, e ki te fè anpil deba.  Elèv yo te resevwa preparasyon nan men pwofesè yo e yo te gen konfyans sou abilite yo pou demontre kantite sa yo te aprann nan ane lekòl ki sot pase a.

Nou tout konnen sa k te pase diran semèn egzamen sa yo – elèv yo te bloke, ekran blanch, atak sou òdinatè, anilasyon egzamen pandan elèv ap konpoze chak jou atravè tout distri a, bon…nou konnen detay yo.   

Depi lè sa a, yo ekri anpil bagay sou sistèm sa a ki pa efikas – yon etid sou validite avèk plis pase 130 paj tablo, done, ak rekòmandasyon, yon kantite inonbrab atik jounal ak papye opinyon, e 45,000 lèt yo voye bay antite eta a; tout sa te fèt pou eseye rezone avèk nenpòt moun ki te vle tande sou mank rezon moun ki pa vle sede sou retisans yo pou admèt petèt sipèentandan, direktè, pwofesè, paran, ak elèv te ka gen rezon. 

Petèt rapidite yo te mete nan egzamen sou òdinatè yo te twò agresif, e egzamen $220 milyon yo te devlope a tout vitès yo, avèk kesyon ki soti nan Utah aprè yo te fin rejte PARCC la, pa t pare pou gran piblik la, e NENPÒT egzamen yo t ap inogire pa te kapab detèmine nòt apwopriye pou lekòl paske yo pa t kapab kalkile pwogrè aprantisaj yo nan yon ane.

Malgre sa, depatman an kontinye ap di li “sou bon wout” e li rete fèm nan entansyon li pou bay timoun nòt e konsa, li bay lekòl yo nòt ane dènyè.  Pozisyon sa a, grasa divès eklèsisman ki soti nan rekòmandasyon etid Alpine la, irezonab.  Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl nan Florid egzòte nou, ansanm ak Komisyonè a, pou nou li tout rapò a; pa sèlman nòt akote yo.  ladan, n ap jwenn anpil paj rekòmandasyon.  Lidè lekòl, pwofesè, elèv, ak piblik la merite konnen dat limit la pou adrese rekòmandasyon ki nan rapò a. Jiskaske nou konnen lè sa a, avanse pou pi devan se ajoute kesyon ak dout sou yon sistèm responsablite ki deja si frajil.  Nou pral kite yon rezime rekòmandasyon ki soti nan etid la jodi a.  Silvouplè li yo.  E, silvouplè mande repons pou kesyon enpòtan sa yo.

Eta a ensiste tout bagay nan plas yo.  Nou pa gen pou n enkyete n pou anyen.  Mwen raple nou se te pozisyon li tou anvan te gen pwoblèm nan administrasyon FSA a.  Li kab difisil pou n konsidere nòt yo pibliye bay elèv ak fanmi yo nèf mwa aprè yon evalyasyon, kòm “sou bon wout”.  Nou tout ta dwe mande tèt nou ki bi ak benefis ki genyen nan bay lekòl nòt anreta konsa. Èske se pou enfòme e amelyore enstriksyon? Èske se pou bay elèv sipò ki pi apwopriye? Non, nèf mwa aprè yo fin bay egzamen an, e prèske senk mwa aprè ane lekòl la kòmanse, li twò ta pou sa.

Gen moun ki di pa gen anyen yon moun kab fè pou estope yon tren kago ki ap kouri, ki se bay nòt lekòl yo anreta. Mwen menm mwen reponn, li pi bon pou kanpe tren an olye pou w kite l avanse tou senpleman.  Gen twòp enterè ki an danje.

Gwo Defansè nòt lekòl yo pral soutni pa distribye nòt lekòl yo pou ane dènyè pral detwi refòm lekòl an Florid. Mwen vle pèsyade nou distribye nòt lekòl anreta konsa se plis yon desizyon prematire e li pa enfòme refòm lekòl nan okenn fason.  Anfèt, li ka domaje li – gravman.

Pwogram Responsablite Lekòl FLDOE a sibi anpil chòk nan ane ki sot pase yo. Malerezman, li pèdi anpil kredibilite piblik la te fè li. Atravè ane yo nou vin kowonp sa ki te konn yon kalkil konpetans ak devlopman pi senp e byen balanse, e nan zèl pou nou repare l, kounye a li riske pèdi mwatye nan fondman orijinal li.  Bay nòt avèk sèlman 50 pousan kritè tradisyonèl – pèfòmans sèlman – san konte pwofi nan aprantisaj – iresponsab e voye yon move mesaj bay elèv, pwofesè ak tout kominote a an jeneral.

Nou la pou nou aprann.  Mwen kwè nou tout kab dakò elèv antre nan pòt lekòl nou yo avèk yon gwo varyete kapasite – varyete sa a depann sou yon kantite faktè ki depase kontwòl edikatè – povrete, konpetans nan lang Anglè, andikap pou aprann, eksetera.  Nou gen chaj pou n devlope entelijans malgre kote yo ye lè yo fèk kòmanse.  Jije nenpòt moun san pran an konsiderasyon pwogrè elèv yo fè pandan yon ane, iresponsab e li ka detoune atansyon kominote yo sou vrè efikasite ansèyman.

Si Florid vle rete yon lidè nan refòm ak responsablite lekòl, li ta dwe respekte avètisman sipèentandan atravè eta a e li pa ta dwe bay lekòl yo nòt pou omwen ane ki sot pase a e konsantre li sou efò li pou l etabli “cut scores” (pi piti nòt posib) pou ane debaz sa a pou li ka detèmine e mete ladan pwofi aprantisaj adekwat an 2015-16.  Pa fè sa, sa pral sètènman konpwomèt pwogram responsablite nou an.  Manèv estatistik ki eseye pwodui yon epizòd dezirab ki pa gen lojik oubyen done apwopriye e souzestime responsablite rezonab e respektab.

Depatman an kontinye kontredi lefèt li antann itilize FSA kòm sèl detèminan nan desizyon, tankou prevansyon avansman nan pwochen ane eskolè a, elijibilite pou gradyasyon oubyen plasman nan yon kou ratrapaj.  Sa li pa kab kontredi se lefèt egzamen an PRAL SÈL DETÈMINAN nan desizyon pou bay lekòl nòt - espesyalman
pou lekòl elemantè, K8 ak mwayen nou yo.  Èske se pa total pati ki egal a youn? Pwosede avèk nòt, etid validite a san dout  gade kòm “sispèk”, pral sèlman sèvi pou kreye yon fòmil nòt lekòl sispèk.  E nou konnen nou sou liy resevwa yon deba pou twò lontan.

Anplis, avèk enkyetid mwen ka pa gen yon lòt opòtinite pou m adrese nou kòm yon komisyon konsèy anvan distribisyon nòt lekòl yo, mwen dwe avèti nou sou de (2) mizangad enpòtan lwa a, nan opinyon mwen, ki pral vrèman afekte nòt lekòl yo.  Youn gen pou l wè ak pwogrè aprantisaj - natirèlman, yon fwa yo disponib e yo an plas.  Anvan, elèv ki te fè nòt Nivo 3, 4, oubyen 5 nan FCAT de (2) ane konsekitif youn dèyè lòt te resevwa kredi pou pwogrè aprantisaj.  Langaj legal la pa pèmèt sa ankò.  Kounye a reflechi… yon elèv twazyèm ane eskolè fè yon nòt 3 – konpetans – selon estanda 3yèm ane eskolè, yon ane aprè, li fè nòt 3 ankò – nan estanda 4yèm ane eskolè.  Èske elèv sa a pa t fè pwogrè pandan yon ane?  Ann di pi byen, èske elèv sa a pa t APRANN?  Ebyen, lwa ki gen kounye a di non.

Dezyèmman, lwa ki gen nan eta a kounye a deklare FLDOE ka ajiste pousantaj limit ki nesesè pou etabli nòt lekòl yo– men sèlman nan direksyon monte.  Kijan nou kab pran angajman pou limit minimòm pou nòt lekòl ane sa a, san nou pa kab pran an konsiderasyon pwogrè aprantisaj elèv ki, nan majorite lekòl, pral fòme 50 pousan pwen ki fèt yo?  Kijan FLDOE pral asire echèl ki etabli a pa pral bay rezilta distribisyon nòt ki pa rezonab yon fwa yo ajoute pwogrè aprantisaj yo sou fòmil la nan 2015-16?

Mwen ankouraje Komisyon sa a ki saj e ki jis pou l reflechi anvan li pibliye nòt lekòl yo jiskaske yo adrese tout rekòmandasyon “Alpine/EdCount” yo e jiskaske nou tout gen yon nivo konfyans nan FSA a, fason yo administre li, rezilta nòt li yo, ak “cut scores” yo detèmine pou konpetans.  Mwen ap raple nou, pou yon ane lekòl ki rive nan mwatye e twa mwa anvan elèv yo pran FSA 2016 la–  avanse avèk nòt lekòl yo pa an liy avèk pridans e responsablite lejitim.

Mèsi pou tan ak sèvis nou bay timoun nan eta nou an ak moun ki ap anseye yo.

 

###

15-DGD/052/RL 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès