POU DIFIZE IMEDYATMAN
23 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

PREMYE DAM MICHELLE OBAMA REKONÈT 22 LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
POU PWOMOTE AKTIVITE FIZIK KAY JÈN

Jou 28 fevriye 2015 Premye Dam Michelle Obama te lanse twazyèm jenerasyon “Let’s Move called Let’s Move! Active Schools (LMAS)”. (An Nou Bouje ki rele An Nou Bouje! Lekòl Aktif yo). Entansyon LMAS se pou kreye anviwònman lekòl ansante, aktif nan fè tout jèn VIN aktif fizikman pou yon minimòm 60 minit chak jou, anvan, pandan, e aprè lekòl, pou ogmante pèfòmans akademik. Etid montre timoun ki aktif travay pi byen. Aktivite fizik pa sèlman ede timoun rete ansante e gen fòs; men li kab tou vin fè yo resevwa pi gwo nòt; rapidite nan abilite pou pwosès mantalman; pote bon atansyon; konsantrasyon ak memwa; amelyorasyon prezans lekòl; pi bon konduit nan klas e to obèzite pi ba kay timoun.

Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho te kontan pou anonse 9 septanm 2015, 22 lekòl M-DCPS, te resevwa Prim Nasyonal Let’s Move! Active Schools pami 525 lekòl nasyonalman. M-DCPS genyen plis lekòl ki resevwa rekonesans sa a pase nenpòt lòt gwo distri iben Ozetazini. Pwogram nan mobilize pwofesè edikasyon fizik, pwofesè salklas, paran, administratè, ak anplwaye pou vin “chanpyon lekòl”. Yo ankouraje lekòl pou enskri nan www.LetsMoveSchools.org, kote yo gide yo atravè yon senp pwosesis sis etap pou evalye, aktiv, e selebre siksè yo. “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te premye gwo distri lekòl iben ki genyen 100% lekòl li yo enskri.

Nan yon efò kolektif ant òganizasyon ki antèt sante ak edikasyon, Let’s Move! Active Schools bay lidè lekòl yo resous pou enplemante yon pwogram aktivite fizik konpreyansif nan senk matyè: edikasyon fizik, aktivite fizik, anvan e aprè lekòl, aktivite fizik pandan lekòl, patisipasyon anplwaye, ak angajman fanmi ak kominote a.

Nan lansman Let’s Move! Active Schools la, Premye Dam Michelle Obama te pataje, “Lè timoun gen eksperyans pozitif bonè avèk aktivite fizik, sa mete yo nan wout pou lavi fòme abitid yo pa sèlman lè yo jèn, men kòm adilt, tou.” Prim Nasyonal Let’s Move! Active Schools se meyè aktivite fizik, ei distenksyon edikasyon fizik pou elèv Jadendanfan rive 12yèm ane eskolè. Prim sa a selebre angajman yon lekòl pou entegre omwen 60 minit aktivite fizik anvan, diran e aprè jounen lekòl la.

Yo pral rekonèt lekòl M-DCPS ki ap suiv yo nan pwochen reyinyon komisyon konsèy la, mèkredi 14 oktòb 2015: Lekòl Elemantè Charles R. Hadley, Lekòl Elemantè Claude Pepper, Lekòl Elemantè Coconut Grove, Lekòl Elemantè E.W.F. Stirrup, Lekòl Elemantè Gulfstream, Lekòl Elemantè Pine Lake, Lekòl Elemantè Royal Palm, Lekòl Elemantè South Pointe, Sant K-8 Eugenia B. Thomas, Sant K-8 Fiengerg-Fisher, Lekòl Elemantè Gateway, Lekòl Mwayen Allapattah, Lekòl Mwayen Country Club, Lekòl Segondè Barbara Goleman, Lekòl Segondè Felix Varela, Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes, Akademi Tèknoloji Medikal–Syans ak Sant Edikasyonèl Robert Morgan.

Pou plis enfòmasyon ki gen pou wè ak pwogram edikasyon fizik Distri a oubyen pwogram sa a silvouplè kontakte Madam Marie Izquierdo, Ofisye Anchaj Akademik, Biwo Akademik ak Transfòmasyon, nan 305-995-1451, oubyen Dtè. Jayne D. Greenberg, Direktris Distri, Edikasyon Fizik ak Konesans debaz sou santé, nan 305-995-1963

# # #

15-DGD/054/TC/CF

Retounen sou Nòt pou Laprès