POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 2 oktòb 2015

KONTAK: Carline Faustin
Lekòl Leta Miami-Dade County
305-995-1188

KAT EDIKATÈ M-DCPS RESEVWA GWO ONÈ NAN MEN ASOSYASYON EDIKASYON AR FLORID

“Florida Art Education Association (FAEA)” (Asosyasyon Edikasyon Ar Florid) ap rekonèt kat edikatè ar Lekòl Leta Miami-Dade County: twa pwofesè resevwa “Florida 2015 Outstanding Art Educator of the Year Award” (Prim Edikatè Ar Ekselan Florid pou Ane 2015) – youn pou chak nivo lekòl – e yon direktè ki se Meyè Direktè FAEA pou Ane a.

Patricia Cummins, ki te resamman retrete nan Lekòl Elemantè Palmetto, te genyen prim lekòl elemantè a; Lourdes Fuller, nan Lekòl Mwayen Shenandoah te genyen prim lekòl mwayen an; Beth Goldstein nan Lekòl Segondè Miami Springs se Meyè Edikatè Ar Florid pou Ane a; e Dtè. Miguel Balsera, Direktè Miami Art Studio 6-12 @ Zelda Glazer te genyen prim Meyè Direktè FAEA a. Yo pral onore yo pandan 63yèm Konferans Anyèl FAEA a, 8-11 oktòb 2015 nan Naples, Florida. Tèm konferans ane sa a se “In Focus: Education through the Artist’s Lens” (Byen Vize: Edikasyon atravè Lantiy Atis la).

Chak ane, FAEA rekonèt manm ki rive nan pi wo nivo pwofesyonalis e ki atenn gwo akonplisman nan salklas e nan edikasyon ar vizyèl. Endividi sa yo kontribye nan domèn rechèch ak devlopman e yo ap travay pèsonèlman kòm atis yo menm, ki pwofesyonèlman ekspoze travay ar yo nan diferan kote ak diferan konpetisyon.

Youn nan konpetisyon sa yo se “The Fairchild Challenge” yo fè sou pwoteksyon “Fairchild Tropical Botanical Gardens”, kote Cummins, Fuller ak Goldstein, te ankouraje elèv yo pou patisipe. Konpetisyon sa a ouvè pou tout elèv nan Pre-K -12yèm ane eskolè, e li enspire yo pou fè pwojè ki gen tèm ki baze sou anviwònman.

Edikatè sa yo kredite tan yo te pase ap etidye nan Florida International University, patisipasyon kontinyèl yo nan devlopman pwofesyonèl, e kwayans yo nan aprantisaj pandan tout lavi, pou devlopman yo kòm edikatè ar ki gen siksè e pwofesyonèl ki konprann kreyativite yon fason orijinal e ki kab konekte avèk elèv, paran administratè ak kominote a.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte: Mabel Morales, Sipèvizè Distri, Ar vizyèl, Lekòl Leta Miami-Dade County, Mmorales14@dadeschools.net oubyen (305) 995-1930.

###

15-DGD/055/TC/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès