POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PA MANKE OKAZYON SA A!
ENSKRIPSYON OUVÈ POU 375 PWOGRAM MAGNET NOU YO KÒMANSE 1YE OKTÒB
 

Lekòl Leta Miami-Dade County pral ouvè peryòd enskripsyon li pou pwogram magnet atravè distri lekòl la demen, jedi 1ye oktòb. Nou pral kontinye aksepte aplikasyon jiska vandredi 15 janvye 2016.

Pwofesè ak elèv pral kab benefisye nouvo e inovatif pwogram magnet nou te kreye pou ane lekòl 2015-2016 la. An rapò avèk deviz distri nou an “Giving our students the world” (Lage Mond lan nan Pla Men Elèv nou yo), plis pase 375 pwogram magnet nou gen kounye a fèt espesyalman pou satisfè enterè, talan ak bezwen endividyèl elèv. Kou sa yo gen ladan 16 nouvo pwogram magnet nan 12 lekòl nan domèn Syans, Matematik, Teknoloji Amizman Miltimedya, Etid Legal, ak Ar Vizyèl.

Ane sa a, nou ap lanse tou yon nouvo sistèm aplikasyon magnet ou kab jwenn nan www.miamimagnets.org ki disponib nan plizyè lang. Nouvo zouti sa a pral senplifye pwosesis aplikasyon an, ogmante aksè pou paran jwenn enfòmasyon e amelyore kominikasyon atravè pwosesis la, ansanm ak jwenn gid videyo pratik. Pou enfòmasyon adisyonèl, silvouplè rele 305-995-1922 oubyen vizite sit Entènèt nou an nan: www.miamimagnets.org.

###

15-DGD/056/TC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès