POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 25 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

*** DIFIZYON FOTO ***

ELÈV LEKÒL SEGONDÈ MIAMI RESEVWA TÈS JE NAN MEN MARLINS AYUDAN

Marlins Ayudan vizite lekòl ki patnè li semèn sa a pou ofri elèv yo tès dan, ak je

Elèv nevyèm ane eskolè nan Lekòl Segondè Miami te resevwa tretman je gratis maten an kòm yon pati nan Marlins Ayudan – inisyativ èd sosyal ki pote siyati Miami Marlins – pou ede amelyore sante jeneral elèv, ogmante prezans regilye lekòl ak siksè lekòl.

Nan kòmansman semèn sa a, Marlins Ayudan (mo Espayòl pou “help”) te vizite de (2) lòt lekòl ki patnè li pou ofri tès dan ak je pou tout elèv nan Lekòl Elemantè Lenora B. Smith ak Lekòl Segondè Booker T. Washington. Marlins fè patenarya avèk Pwogram Vizyon Timoun Florid “Heiken” ki fè pati “Miami Lighthouse for the Blind and Visually Impaired” pou ofri tès je gratis, e avèk “Spodak Dental Group” pou tès dan gratis.

Bi Marlins Ayudan se travay avèk lekòl ki patnè li nan idantifye kote gen gwo bezwen, devlope yon plan aksyon pou adrese bezwen sa yo, enplemante plan aksyon an nan itilize fòs endividyèl e kolektif ekip Marlins Ayudan nan e kite yon eritaj dirab nan chak lekòl ki patnè li.

# # #

15-DGD/057/HD/CM

Retounen sou Nòt pou Laprès