POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS REKONÈT “JPMORGAN CHASE & CO.”, ANPLWAYÈ ESTAJÈ

(goch-dwat) Maria Escorcia, Vis Prezidan-Filantwopi Global, JPMorgan Chase; Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Martin Karp; Sipèentandan Alberto M. Carvalho; Guillermo Castillo, Direktè Jesyon, JPMorgan Chase; Sandra Edwards, Prezidan, Vant ak Maketin Sagemark, Chèmann Komisyon Konsèy Akademi Ospitalite ak Touris; e Dtè. Lupe Ferran Diaz, Direktris Egzekitif, Edikasyon Karyè ak Teknik M-DCPS

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te onore JPMorgan Chase nan Resepsyon Apresyasyon Anplwayè Estajè Akademi NAF 2015 ki te fèt mwa sa a nan Holiday Inn nan Miami Beach. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Dtè. Martin Karp te jwenn ak plis pase 130 moun ki te ale nan resepsyon an, ki gen ladan patnè endistri, anplwayè estajè, administratè lekòl, Edikatè Karyè ak Teknik, elèv lekòl segondè akademi an ak paran.

Sipèentandan Carvalho te pale sou enpòtans kolaborasyon endistri pou siksè elèv nou yo, nan rekonèt JPMorgan Chase ak Konpayi pou donasyon $100,000 pou dezyèm ane li a pou Pwogram Estajè Ete Anplwa Jèn Etidyan NAF/JPMorgan yo.  Gras a jenewozite yo, yo te peye estaj pou 167 Etidyan JPMorgan ki ogmante kantite estajè yo peye a 35.6 pousan atravè ete dènye.

Fon donasyon sa yo, konbine avèk salè anplwayè, e yon don AT&T Verizon pou $15,000 te pèmèt 540 elèv lekòl segondè fè estaj nan 303 konpayi. Anplis, kantite entèn ki resevwa kredi anwolman doub nan Kolèj Miami Dade te ogmante a 82.6%.

Yo te rekonèt “Charles Group Hotels”, yon sipòtè pwogram estajè depi lontan, kòm  yon Biznis NAF ak Chanpyon Edikasyon ki ansanm avèk JPMorgan Chase te prezante e finanse evènman an. Yo te prezante Prim “2015 NAF Internship Long-Term Commitment” (Angajman Estajè Alontèm NAF 2015) avèk plizyè estajè bay Center for Financial Literacy and Bankers’ Camp, Charles Group Hotels, Miami Seaquarium, Miami-Dade County Department of Finance ak South Florida Educational Federal Credit Union.

Lòt patnè yo te rekonèt pou angajman alontèm yo kòm anplwayè se te Greater Miami Convention and Visitors Bureau, Johnson and Wales University, Loews Miami Beach Hotel, Miami Parking Authority, Ocean Bank, ak U.S. Securities and Exchange Commission. Rekonesans espesyal pou ogmantasyon kantite estajè te ale nan Dade County Federal Credit Union ak City of Miami.

 

###

15-DGD/061/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès