POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 1ye Oktòb 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS BRIYE NAN REZILTA “SAT COLLEGE BOARD” 2015

Resamman, “College Board” te distribye rezilta pou egzamen SAT ak Sijè Egzamen SAT pou gradyasyon klas 2015 la. Elèv “Lekòl Segondè Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te depase kondisip yo nan Florid e yo rapòte yon ogmantasyon nòt nan Lekti, Matematik ak Redaksyon.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Rezilta College Board SAT 2015 elèv Lekòl segondè Lekòl Leta for Miami-Dade County yo soti dirèkteman nan ansèyman kreyatif ak anrichisman akademik elèv … Elèv lekòl segondè M-DCPS depase nivo elèv lekòl segondè atravè eta a nan sijè debaz enpòtan yo.  Sa se yon siksè egzanplè pou ki tout distri lekòl la ka fyè.

Rezilta sa yo rezime pèfòmans elèv nan klas 2015 ki pran evalyasyon yo nan kèlkeswa nivo lekòl segondè jis rive jen 2015.  Pou elèv ki te pran egzamen an plis pase yon fwa, se sèlman dènye nòt egzamen yo k ap sèvi nan analiz la.

Nasyonalman prèske 1.7 milyon elèv lekòl segondè ki gradye nan klas 2015 te pran SAT a, avèk prèske 123,000 patisipan nan Florid.  Nan M-DCPS, 15,389 elèv te pran SAT a, ki reprezante 60 pousan klas gradyasyon 2015 Distri a. 

Gran Tit sou Rezilta yo Gen Ladan sa k ap suiv yo:

  • Nòt mitan elèv lekòl segondè M-DCPS yo ogmante nan toulètwa sijè yo te teste yo, Lekti, Matematik ak Redaksyon;  pandan nòt-mitan peyi a ak Florid desann.
  • Nòt-mitan pou lekti elèv lekòl segondè M-DCPS te menm nivo oubyen pi wo pase mwayèn tout eta a nan 23 lekòl segondè, nòt pou Matematik te pi wo nan 21 lekòl, e nòt pou redaksyon te pi wo nòt 24 lekòl.
  • An konparezon ak peyi a, nòt mitan elèv lekòl segondè M-DCPS nan 19 lekòl segondè M-DCPS te menm nivo oubyen pi wo pase nòt mwayèn peyi a nan Lekti, 13 lekòl nan Matematik, ak 16 lekòl nan Redaksyon.
  • Kantite gradye lekòl segondè M-DCPS ki patisipe nan SAT ogmante an 2014-2015.

Yo pral voye “Individual High School Profile Reports” (Rapò Pwofil Endividyèl Lekòl Segondè) bay direktè/tris chak lekòl segondè ki te gen elèv ki te patisipe. Nou ka jwenn rapò Eta a ak Nasyonal yo nan: www.collegeboard.org/satprofiles.

 

###

15-DGD/062/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès