POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 septanm 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

 

M-DCPS LANSE POU TOUT YON MWA EGZIBISYON TRAVAY AR
ELÈV, MIU AP ÒGANIZE

“Small Works” (Ti Travay), yon egzibisyon elèv “Miami International University of Art & Design (MIU)” (Inivèsite Entènasyonal Ar ak Desen Miami) ap òganize atravè tout distri a, lanse yon egzibisyon pou tout yon mwa jedi 1ye oktòb, e li pral aksantye talan atistik elèv K-12 ki soti nan 49 Lekòl Leta Miami -Dade County nan tout county a.  Nou ka wè travay atistik yo lendi-vandredi kòmanse 10è dimaten pou 3è nan aprèmidi jiska 2 novanm. MIU lokalize nan 1501 Biscayne Blvd Suite 100, Miami, FL 33132.

Yo ap fè tou nan MIU yon resepsyon ouvèti pou jèn atis yo samdi 17 oktòb kòmanse a midi pou 3è nan aprèmidi. Toude evènman yo gratis e yo ouvè pou piblik la.

Ti Travay se yon reyalizasyon angajman distri lekòl la pou sèvi avèk ar kòm yon zouti pou aprantisaj ak ekspresyon.  Yo te bay elèv yo defi pou kreye ti pyès chedèv 9-pa-9-pa-9 pous nan nenpòt tèm, kategori, estil oubyen mouvman ar. Yo te envite tout pwofesè ar vizyèl pou soumèt jiska senk travay ar elèv, e yon gwoup jij kamarad yo te chwazi 200 finalis pami plizyè milye travay ar.

Se Divizyon Ar Vizyèl ak Pèfòmans distri lekòl la nan Biwo Akademik ak Transfòmasyon, MIU ak ‘‘Dade Art Educators Association’’Inc., (Asosyasyon Edikatè Ar Dade), ki ap prezante egzibisyon an www.dadearteducators.com.

Pou plis enfòmasyon kontakte Mabel Morales, sipèvizè distri, Ar Vizyèl, nan Mmorales14@dadeschools.net oubyen 305-995-1930; oubyen Alina Rodriguez, Espesyalis Sipò Kourikoulòm nan alinarodriguez@dadeschools.net.

 

###

15-DGD/063/HD/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès