POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 septanm 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

 

NÒT FSA ELÈV MIAMI-DADE NAN MENM NIVO AVÈK MWAYÈN ETA A NAN MATEMATIK, LEKTI/REDAKSYON ANGLÈ

Jodi a, sis mwa apre administrasyon nouvo “Florida Standards Assessments (FSA)” (Evalyasyon Estanda Florid) nan “English Language Arts (ELA)” (Lekti/Redaksyon Anglè) ak Matematik, “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid), pibliye rezilta pou eta, distri, lekòl, ak elèv yo. Malgre difikilte administrasyon yo, dekouvèt ki kontestab nan yon etid validite eta a te komisyone, e yon anpresman pou pibliye dekouvèt yo nan yon tantativ pou konfime rezilta yo pou itilize nan sistèm responsabilite a, nòt yo plis pase jan nou te espere avèk pifò ki regwoupe alantou mwayèn “T-Score 50" nan tout eta a.

Yo rapòte nòt evalyasyon FSA yo pibliye jodi a nan sèvi avèk klasman pousantaj ak T-Scores (nòt estanda ki ka klase sòti 20 - 80) nan premye ane administrasyon an.  Yo ap bay nivo Echèl Nòt FSA ak akonplisman yo nan fen ane sa a.  Yo pral itilize nivo akonplisman yo pou rapòte nòt ak enfòmasyon sou desizyon pwogresyon elèv ak demand pou gradyasyon kòmanse avèk ane lekòl la 2015-2016 la.
Gran liy enpòtan rezilta elèv M-DCPS yo se:

  • Elèv M-DCPS yo fè nòt nan menm nivo avèk kamarad yo nan tout eta a nan toude, Lekti/Redaksyon Anglè ak Matematik.  Mwayèn “T-Scores 50” nan tout distri a nan ELA ak Matematik nan tout ane eskolè yo te egal ak pa elèv nan tout eta a.
  • Nan Matematik, elèv 3yèm ak 4yèm ane eskolè M-DCPS depase elèv nan tout eta a, nan resevwa mwayèn “T-Scores 51”, lè nou konpare li ak mwayèn eta a ki 50.
  • Atravè tout nivo ane eskolè yo, elèv M-DCPS fè nòt yon ti kras pi ba pase elèv nan tout eta a nan twa nouvo evalyasyon FSA ‘‘End-of-Course’’ (Fen Kou) nan Aljèb 1, Jewometri, ak Aljèb 2.

An prentan 2015, eta Florid la te tranzisyone soti nan evalyasyon estanda debaz ki te adrese “Next Generation Sunshine Standards (NGSSS)” (Estanda Eta ‘Sunshine’ pou Nouvo Jenerasyon) nan Lekti ak Matematik pou nouvo evalyasyon FSA a ki vize nouvo Estanda Florid yo nan ELA ak Matematik.  Jan pwovizyon lwa Sena 7069 mande l, “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) te siyen yon kontra pou fè yon etid validite ekstèn pou egzamine adminstrasyon prentan 2015 la pou nouvo evalyasyon sa yo ki te dwe fini vè 1ye septanm 2015, e anvan yo te bay rezilta elèv yo.  Anvan sa, se sèlman kondisyon pase/pa pase pou elèv 3yèm ak 10yèm ane eskolè ELA, ak Aljèb 1 yo te bay lekòl yo pou fasilite desizyon pwomosyon ak opòtinite; rezilta sa yo te baze sou klasman pousantaj ki te gen relasyon ak rezilta FCAT/NGSSS ane anvan yo. 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Valè entèpretasyon rezilta sa yo, lè nou konsidere pwoblèm nan administrasyon FSA a ak validite li ki kontestab, prezante nan meyè ka a, yo dwe itilize enfòmasyon debaz yo nan konparezon pèfòmans ak detèminasyon alavni.  Konklizyon pi lwen pase sa ka pwobableman inadewat baze sou disponibilite done aktyèl sou egzamen an."

Yo ap mete disponib rezime konplè Distri, Eta, ak lekòl yo nan paj Entènèt FLDOE a. Yo ap voye Rapò Endividyèl Elèv bay lekòl yo osito yo resevwa yo. 

 

###

 15-DGD/064/JS/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès