POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 12 janvye 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DEKLARASYON KI SOTI NAN BIWO CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PERLA TABARES HANTMAN AK SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO KI GEN POU WÈ AK PWOPOZISYON BIDJÈ EDIKASYON GOUVÈNÈ RICK SCOTT

Deklarasyon Perla Tabares Hantman, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami Dade County ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M.Carvalho, ki gen pou wè ak pwopozisyon bidjè edikasyon Gouvènè Rick Scott la:

Perla Hatman, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County di, “Edikasyon se fondasyon pou siksè nan lavi timoun nou yo, e Gouvènè Scott etabli yon modèl ki pwomèt finansman edikasyon piblik ki pèmèt elèv ki ap konfwante defi ekonomikman jwenn opòtinite pou reyisi rèv yo… Nou aplodi prevwayans Gouvènè a e ankouraje sitwayen yo pou leve vwa yo pou sipòte aksyon sa a”.

Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, “Se ankourajan pou wè Gouvènè a kontinye ogmante fon pou edikasyon, kenbe pwomès li te fè nan kanpay Gouvènè a.  Fè yon pwomès se kenbe pwomès pou w. Nou swete Lejislatè yo suiv direksyon Gouvènè a nan ogmante fon edikasyon pandan li bay plis fleksiblite nou bezwen. Si distri lekòl jwenn fleksiblite nan depans yo, yo ka adrese bezwen espesifik popilasyon elèv yo ak plis efikasite toujou”.

 

###

15-DGD/147/JJS/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès