POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 5 janvye 2015   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY ANONSE L AP PATWONE PWOGRAM REPA APRE LEKÒL

Lekòl Leta Miami-Dade County anonse enplemantasyon Pwogram Repa Aprè Lekòl la, ki fè pati Pwogram Swen Timoun, anba sipèvizyon Depatman Agrikilti Etazini.

Yo kreye pwogram nan espesyalman pou ofri timoun repa ak ti goute nan pwogram aprè lekòl atravè distri lekòl la. Anplisdesa, kòmanse samdi 10 janvye 2015, dejne ap disponib pou timoun yo san okenn frè nan adrès sa a: “Center for International Education” (Sant pou Edikasyon Entènasyonal): Yon Asosyasyon Cambridge ki lokalize nan 900 N.E. 23rd Avenue nan Homestead. Rele lekòl la pou nou konn dat y ap bay sèvis sa a nan lòt samdi k ap vini yo.

# # #

15-DGD/162/TC/CM

Retounen sou Nòt pou Laprès