POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 13 janvye 2015   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YON PWOFESÈ LEKÒL MWAYEN HAMMOCKS AP RESEVWA PRIM PRESTIJYE NAN FESTIVAL FIM “SUNDANCE”

Susan Ryan, yon pwofesè dram Magnet Preparatwa pou Dwa nan lekòl Mwayen Hammocks nan Lekòl Leta Miami-Dade County, pral resevwa Prim “The Creative Coalition Teachers Making a Difference” (Kowalisyon Pwofesè Kreyatif ki Ap Fè yon Diferans) an janvye.  Li ap pran avyon pou ale Park City, Utah, avèk tout depans peye, pandan Festival Fim “Sundance” la pou l resevwa prim enpresyonan sa a. 

Ryan te resevwa nominasyon an nan men Randall Emmett, yon ansyen elèv li e yon pwodiktè ak direktè aktyèl, yo plis konnen nan fim tankou Lone Survivor, End of Watch, ak Escape Plan.  Mesye Emmett rekonèt Madan Ryan paske li te enspire li pandan ane fòmasyon li yo kòm yon elèv nan Lekòl Mwayen Hammocks.  Madan Ryan, ki ap retrete nan fen ane lekòl sa a aprè 40 ane kòm yon pwofesè, di onè sa a touche l anpil e li pa ka tann pou l ale nan seremoni tapi wouj, kote ap gen plizyè selebrite entènasyonal.   

Susan Ryan nan yon fonksyon resan.

 

###

14-DGD/170/DL/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès