POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 9 janvye 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YON RAPÒ REVELE DEFISI NAN KOLEKSYON TAKS COUNTY A AFEKTE
KOMINOTE A: PLIZYÈ MILYE DJÒB PÈDI

Yon nouvo rapò yon gwoup ekonomik nasyonal yo respekte fè konnen 5,430 djòb nan Miami-Dade te pèdi ant 2007 ak 2012 akoz taks sou pwopriyete yo pat kolekte.  Defisi nan finansman an okazyone tou yon rediksyon $302 milyon nan revni fanmi yo nan Miami-Dade County.

“The Washington Economics Group, Inc.” (Gwoup Ekonomik Washington Enkòpore) revele nan yon rapò ki gen pou tit, "Enpak Ekonomik Defisi Finansman an Fè sou Distri Lekòl Miami-Dade County, Ekonomi Miami-Dade County ak Ekonomi Florid", Miami-Dade County te soufri yon enpak ekonomik $533 milyon akoz defisi nan koleksyon taks de 2007 a 2012.

Kòm rezilta defisi revni sa a ki ap kontinye, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pat resevwa finansman edikasyon apwopriye Lejislati Florid la, ki afekte negativman pwogram edikasyon Miami-Dade, pandan y ap kreye gwo difikilte pou timoun, pwofesè, ak sitwayen nan Miami-Dade County.

Judith M. Marte, Ofisye Anchèf Finans, M-DCPS  di, "Rapò Gwoup Ekonomik Washington nan montre klèman enpak trajik defisi koleksyon taks sou pwopriyete sa a ki ap kontinye genyen sou kominote a ak edikasyon piblik nou an.  Li enpòtan pou nou jwenn yon solisyon byen vit pou fikse defisi sa a".

Rapò a rekonèt enpak pozitif ekonomi M-DCPS, katriyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a, sou toude, county a ak eta a.  Distri lekòl la konte 61,000 djòb nan county a (65,000 djòb nan tout eta a) e jenere $3.5 milya nan revni fanmi nan county a ($ 3.7 milya nan tout eta a).
                                                                                                     
Rapò a - ansyen Ofisye Anchèf Finans M-DCPS Dtè. Richard Hinds te komisyone orijinalman - fè pati divès varyete estrateji ki gen ladan yon kontwòl sou Valè Ajisteman Komite a ak revizyon aksyon legal.

Paj Detay
Etid sou Enpak Ekonomik
Rezime Egzekitif

###

14-DGD/171/JJS/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès