POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 janvye 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL SEGONDÈ BOOKER T. WASHINGTON PRAL DEVWALE PLANETARYÒM ASTWONOMIK KI SE YOUN NAN KALITE SAN PARÈY AVÈK YON SEREMONI KOUPE RIBAN

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon  Konsèy Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Astwonòt Fize Espasyal ak Ansyen Elèv M-DCPS Winston Scott, Prezidan Florida International University Mark Rosenberg, Direktè Lekòl la William Aristide, Direktè Planetaryòm nan e Pwofesè Anchaj Shaakira Hardy, elèv, anplwaye, ak sitwayen ki enterese

KISA:
Seremoni koupe riban pou devwale planetaryòm astwonomik Lekòl Segondè Booker T. Washington

Oratè prensipal:  Mesye Carvalho ak Dtè. Rosenberg

KILÈ: 

Jedi 29 janvye 2015
9è – 10è dimaten

KI KOTE: 

Booker T. Washington Senior High School
1200 N.W. 6th Avenue
Miami, FL  33136

POUKISA:

Planetaryòm ki fèk renove a se pyès prensipal pou pwogram Magnet Astwonomi lekòl la ki pral ofri elèv yo yon kourikoulòm egzijan ki ekspoze yo nan panse kritik, teknoloji, STEM, opòtinite pou fè rechèch ak Plasman Avanse, pandan yo ap resevwa kredi pou kolèj atravè Florida International University.

Pwojektè dijital yon ka milyon dola a, ak definisyon wo, gen denyè modèl sistèm sonorizasyon avèk ekleraj ki pral pran elèv yo soti sou sifas planèt Mas e mennen yo nan fon lanmè.

Plan adisyonèl pou planetaryòm nan gen ladan pwogram edikasyonèl pou elèv lekòl elemantè ak mwayen, devlopman pwofesyonèl pou pwofesè ak pwogram sansibilizasyon kominotè.

VIZYÈL:

-Vizit planetaryòm nan
-Prezantasyon Videyo

# # #

15-DGD/173/HD/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès